Mizik “Aladeriv” an Konpa

Genyen anpil fason pou yon moun eksplore mizik. Kreyativite pèmèt ou sa. E mwen kwè tou, lè yon atis genyen fasilite pou fè sa, mizik li ka atire e chame plis moun tou.

Mwen soti “Aladeriv” deja sou albòm “Serenade by Gifrants” kote li genyen yon apwòch Jazz. Konnyèa, n ap tande “Aladeriv” sou yon rit konpa ki ajanse.

Men mizisyen yo:

Gifrants, vwa ak gita ritmik, Makarios Césaire sou gita solo, Ronald Félix sou bass, Donald Guillaume sou batri, Jean-Baptiste “Bonga” Gaston sou tanbou. Mwenmenm, Gifrants, fè aranjman mizik sa e anrejistreman sa fèt nan Stidyo Ronald Félix, RF Music Productions an 1998.




  • /
Update Required
To play the media you will need to either update your browser to a recent version or update your Flash plugin.

Leave a Reply