Pou lavni mizik klasik Ayisyen nou an

Onè,rèspè,

M ap salwe tout jenn mizisyen Ayisyen e ki orijin Ayisyen. M ap ankouraje nou aprann mizik peyizan an, mizik pèp Ayisyen an ki se mizik nanm nou. Mwen fè anpil jefò pou mizik nou an. M ap kite tout yon repètwa mizik klasik Ayisyen pou nou anpremye e pou lòt frè ak sò nou sou latè beni.
Aprann sa lòt nanchon fè genyen enpòtans li toutotan noumenm tou nou genyen kapasite lonje patisyon ba yo pou nou di men ki sa nou genyen lakay nou.

M ap pataje ak nou pyès sa mwen ekri depi lane 2012 pou yon òkès senfonik.

Tanpri, enspire nou de mizik lakay nou!

Souf Zanj o




  • /
Update Required
To play the media you will need to either update your browser to a recent version or update your Flash plugin.

Comments are closed.