Lyrics


Aganman, Vlope Wen Dela Etan

Aganman, adje,
Zo do kase koube
Gade w ape ranpe
Anraje fyèl pete
Pile yo pa pè pile
Yo mande tèt mwen, anmwe
Anba pay m ale kache
Aganman o, ewa,
Vlope sèvitè, souple, dela etan
Aganman o, ewa,
Vlope sèvitè, souple, dela etan


Aladeriv

W kouche sou koten wen
Men kè w pa la, adje!
M ape sere w nan bra we
Mwen kè w pa la, adje!
Dezèspwa anpare wen
Mwen pa vle pedi w cheri!
Men tankou dlo nan dwèt o
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
Men tankou dlo nan dwèt o
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we

Fè ti souri gaden wen
Souri nan chalè, adje!
Pwoche tou pre kote wen
San fòse pale, adje!
Toujou mwen pa vle kwè
Bèl lanmou sa blaze, cheri
Men tankou dlo nan dwèt o
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
Men tankou dlo nan dwèt o
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we


Anmourèz e Zanmi

Wi, Melani,
Mwen ta renmen nou zanmi
Melani, louvri tchè w ti cheri
Revele ti sekrè w, konfyen we

Men Melani
Pi plis pase yon ja mwen dekouvri
Bèlte tchè w fè dousè lavi
Melani, ti cheri, n ape jwi

Wi, Melani,
Laresiprosite denòtramou
Bwase siwo myèl nan tchè nou
Kèl bonè ajamè nan fon kè

Men Melani,
Pi plis pase yon ja mwen dekouvri
Afèksyon w ban mwen pa genyen pri
Melani, ti cheri, n ape jwi

Menm lavi wen m a bay pou w
Tchè wen genyen pliske lanmou
Apre jodi, apre demen
Bèl lanmou nou sa
Toujou fenk ap tanmen
Bradsi bradsou n a mache o
Nou sanble de ti jimo
Wi, Melani, Melani

Cheri we,
Fè wen yon bon zanmi pou w, Adje (4)


Badji Wen Fran

De pou dezafi
Inosan mele sèvitè angaje
De pou dezawa
Ababò atribò
Sou resif yo monte
De pou dezafi
Inosan bite sèvite o kore
De pou dezawa
Lavi se wòl o
Granmoun o pa jwe

Badji wen fran badji
Badji wen fran
Badji wen fran
Badji wen fran, badji
Badji wen fran
Badji wen fran
…………
De pou dezole
Inosan chagren sèvite konsole
De pou dezèspwa
Li jou men li fè nwa
Bouch pa dou, batriba
De pou dezole
Inosan rele, sèvitè sipòte
De pou dezèspwa
Lavi se wòl o
Granmoun o pa jwe


Balade Manman We

Wi ! Se wen pitit w
Pitit ki pa blye mizè w pase
Manman cheri
M ap di w mèsi
Lanmou nan kè w
Ban wen lavi
Lanmou nan kè w
Ban wen lavi

Jou leve, jou kouche
Janmen mwen pa tande
Kote w plenyen
Doulè manman fado lavi
Pi bon manman pase w nan pwen
Wi pi bon pase w nan pwen

Kantik w bèse wen
Lè m sonje w byen lwen
W gide fo pa wen
Tankou yon zanj ginen
Jodiya m ap lite vye kò w va poze
Wi manman m pap janm bouke
Di w mèsi
Santiman sa makonnen
Kè nou pou lavi

Pa genyen mo
Pou di w santiman sa
O manman we nan fon kè we
Lanmou pap janm tari
Rele w Mari Lèsen disyèl beni
Manman cheri
M pap janm bouke di w mèsi
Wi pi bon manman pase w nan pwen


Beatitid

Beatitid o, beatitid o
Beatitid o, beatitid o
Lapè dan monkè
Mapèdèspri, beatitid o
Kwa sa pa lejè ni lou vre
Lè mwen louvri debra wen adje
Kwa sa pa lejè ni lou vre
Lè de jenou we atè o, adje
Pryè demonkè
Pryè demonnam o
Syèl o madoulè
Syèl o madelivrans o
Glwa atwa, glwa atwa
Sendèsen, glwa o sendèsen
Glwa a twa, glwa a twa
Beatitid o


Bossa Valentine

Lè nou fache, lè nou fache
Mwen pa sa viv
Se tout kè m k ap dechire
Yon ti woz wouj nan mitan
Anpeche l senyen tout tan
Li deja ap fane
Kè m ape konsime chak jou

Sen Valenten, Sen Valenten
Sèvi m temwen
E di li jan mwen renmen l
Ke dlo je m lave ti kè l
Pou efase lepase
Men tanpri fè l vini
Si m pedi l
Mwen san lè mouri

M ap toujou mande l padon
Ajenou nenpòt kòman
Tank on pechè
K ap montre l repanti
Li ban mwen
Rezon pou m viv
Se li sèl ki bonè mwen
Deja mwen sèl
E kè mwen frèt san li

M a di l tout mo
Ki ka sikre l tank on ti bo
Lè ansanm nou retounen
Anba yon solèy minwi
Ki nan je l ape klere
M a dòmi m a reve
Ke se nou sèl ki egziste


Dans Ladoba

Si w pa konnen danse
Pinga w antre nan won
Si w pa konnen danse
Pinga w antre nan won
Si w pa konnen danse
Pinga w antre nan won
Talè k on sa
W a danse sou yon pye
Hehe ! Hehe !
Talè k on sa
W a danse sou yon pye
Hehe ! Hehehe!
Talè k on sa
W a danse sou yon pye

Mwen jete dlo wen
Mwen pa mouye pèsonn
Sou kote m ap pase
Kalfou a pou nou de
Pote pote kore
Kay la pa solid o
Tonnèl la fin kraze
Chodyè o fin kreve san dife
Tande koze
Tande koze,
Tande koze, Mesye


Dyaspora

Relen we dyaspora
Lavi a pote m ale
Ale byen lwen
Lwen peyi we, Ayiti Toma
Yo di wen debwouye pa peche
Poutan m santi kè m ap rache
Se pa la m t a dwe ye
La mwen t a dwe ye
Mal ke mal sa ye, gen mwayen
Yon moso pen
Mwen voye pou kouzen
Mwen sonje fanmi mwe
Sonje vye fanmi mwe

Dyaspora mwen ye
Hayayayay !
Dyaspora mwen ye
Hayayayay !

Wi, nan dyaspora
Nostalji se maladi
Dòktè pa geri
Ayiti pa nan famasi
Pafwa m pa wè
Ki sa m ka bay
Ni m pa konnen
Ki sa m ka fè
Pou wè wen nan peyi we
Wè wen nan peyi we
M ap mache nan lari Pòtoprens
Gade mwen wè wen
Sou wout provens
Lèspri we blofen we
Dlo nan je gate san we

Dyaspora mwen ye
Hayayayay !
Dyaspora mwen ye
Hayayayay !

Mwen tankou yon pitit adòpte
Nan lavi mwen genyen de manman
Lanmou mwen kajole toulè de
Toulè de gen valè nan tchè we
Hehehe !

Relen we dyaspora
Lavi a pote m ale
Petèt yon jou
Lavi a pote m tounen
Ayiti Toma se k on sa w rele
Ayiti cheri w ap toujou rete
Soufrans w, soufrans mwe
Yon jou n a delivre
Ayiti Toma se k on sa w rele
Wi, Ayiti cheri w ap toujou rete
Kouray w, kouray mwe
N ap kontinye lite

Dyaspora mwen ye
Hayayayay !
Dyaspora mwen ye
Hayayayay !


Endijan Pou Lanmou

W fè m pote
Tchè we nan men wen vre
Kote m pase
Mwen tankou endijan
M ape tcheke plezi
Pou konsole tchè we
Amadwe tèt mwe

W fèm tounen
Yon papiyon byen dje
Tankou jennjan
M ape tcheke plezi
Pou mawonnen tchè we
Hehehe Hehehe
Tcheke plezi
Pou kalme soufrans mwe
Hehehe Hehehe
Pou konsole tchè we


Espwa

Mwen gen lontan
M ape priye Bondje
Mwen gen lontan
M ap di tanpri souple
Lamantasyon we
Fè sole singo
Priyè monte pi wo
Priyè monte pi wo
Priyè monte pi wo

Menmsi se vre
Paradi pa de pa
Menmsi se vre
Li pa fèt lapoula
Mwen gen èspwa
M a twouve rezilta
Mwen genyen yon bon Papa
Mwen genyen yon bon Papa
Mwen genyen yon bon Papa

Men gen pityen we
Bondje genyen pityen we
Gade soufrans mwe
Wi gade soufrans mwe
Se pa richès o
M ap plede mande o
Delivrans o
M ap plede chèche wo !
Soulaje mizè anwe
Soulaje mizè anwe
Soulaje mizè anwe
Papa Bondje
Se w ki sèl èspwa mwe

We !
Papa Bondje
Se w ki sèl èspwa mwe


Gade Ya Gaden We

Towo Migèl o
Tande m tande m nèg yo pare
Yo pare pou we
Moveje o wi!
Towo Migèl o
Tande m tande m nèg yo pare
Yo pare pou we
Towo, Towo anwe
Jape ya jape
Men yo pap sa mode
Chyen fobo yo ye
Wi ! Towo Towo anye
Kònn nou pa bye
Bon Ginen nou ye
Migèl Migèl o!

Towo Migèl o
Tande m tande m yo fè konplo
Konplo sou do we, adje
Towo Migèl o
Tande m tande yo fè woulo
Woulo sou do we, adje
Towo, Towo anwe
Bave ya bave
Men yo pap sa mode
Chyen fobo yo ye
Towo Towo anwe
Danble nou danble
Bon Ginen nou ye
Migèl Migèl o

Towo Towo Towo !
Jape ya jape vre
Towo Towo Towo!
Gade ya gaden we
Towo Towo Towo!
Bave ya bave vre
Towo Towo Towo!
Gade ya gaden vre
Towo Towo Towo!
Jape ya jape vre
Towo Towo Towo!
Gade ya gaden we


Kanzo Dosou

Si w ale nan Kanpèch o
W a mande Feray o
Fè yo, fè yo
Ki sa mwen fè yo
Si w ale Lavilokan
W a mande Bagidi
Pouki, pouki m ap peri

Ha ! Batriba o batriba
Wa pa kouzen, adje
Ha ! Kesekwèt o kesedjo
Zanmi nan dan, adje
Sekwe, sekwe
Kanzo Dosou pou we


Koudfoud

Bèl ti fanm sa, bèl ti fanm sa
Je nou kwaze
Lamenm souf mwen koupe
Bèl ti fanm sa, bèl ti fanm sa
Tank on ti chyen
M ap sib kote l pase
Bèl ti fanm sa, bèl ti fanm sa
S on koudfou ki frapen we adje
M tonbe danmou, mwen tonbe

O Mariya, O Mariya
Non w se mo d pas
Bonè wen sou latè beni
O Mariya, Mariya
Sèl priyè ki grennen sou lang mwe
O Mariya, O Mariya,
Yon koudfoud ki flanbe lanmou we
Nan fon tchè we pou w

Yon ti jwayo mwen byen anvi chwaye vre
Yon bèl nègès anfòm kadre nan bran we
Montre wen bonte tchè w
M a lage vi wen nan men w
Tonbe cheri, mwen tonbe

O Mariya, O Mariya
Non w se mo d pas
Bonè wen sou latè beni
O Mariya, Mariya
Sèl priyè ki grennen sou lang mwe
O Mariya, O Mariya,
Yon koudfoud ki flanbe lanmou we
Nan fon tchè we pou w
Nan fon tchè we pou w cheri
Mwen danmou


Lapli Pou Mouyen We

Nan gran chimen m te ye
Tout moun pase y ap ri we
Nan gran chimen m te ye, mezanmi
Lapli tonbe mwen pa mouye

Nan gran chimen m te ye
Tout moun pase y ap ri we
Gran chimen m te ye, mezanmi
Lapli tonbe mwen pa mouye

Nan gran chimen m te ye
Tout moun pase y ap ri we
Gran chimen m te ye, mezanmi
Lapli tonbe mwen pa mouye

Gason o,
Badji, badji gason o
Gason o,
Badji, badji gason o
Bon badji
Gason o,
Badji, badji gason o
Lapli pa mouyen we


Lèmiso Bon Badjikan

Syèl anwo, tè anba
Dlo atè, dlo anlè
Delatètopye
Mwen beni pou lavi
Tan fè tan
Paradi dèstinen we, adje
Gwo bonnnanj sentre mwen fò
Tanpri souple

Po wen nwè, wi, se vre
Men nanm mwen byen klere
Klere pase limyè
Menm je klere pa wè
Tan fè tan
Paradi dèstinen we, adje
Gwo bonnnanj sentre mwen fò
Tanpri souple

Lèmiso Nèg Nago Batala
Lèmiso rele w bon Badjikan


Lòvanna Baladen We

Lòvanna, balade
Lòvanna, baladen we
Vye kò wen fatige
E ni m pa ka poze
Lavi ban wen gwo so
Mennen we Basen Sodo
Dlo Ginen gaya vre
Benyen wen, benyen m souple

Kalfou sa devan we
Kalfou sa pile danje
Ban wen lesepase
Ma janbe san blese
Mwen deja pran gwo so
Nan tenèb limen flanbo
Lòvanna, balade
Lòvanna, baladen we

Pa kite m bite, souple
Pa kite m tonbe, souple
Baladen we, Lòvanna


M Ape Tann W Cheri

M ape tann w cheri
Tankou tè sèk
K ap tann lapli
Maladi anvi
Si w pa ta vini
Pa sezi tande
Mwen leve kouri

M ape tann w chouchou
Mwen bouke konte jou
Maladi danmou
Mwen si w pa ta vini
Lanmou wen pap tari
Men m a vle mouri
Mwen pa sa manje
Mwen pa sa pale
Mwen pa sa viv vre
M ap tann w cheri
M ape tann w cheri, vini


Madousè

Tik Tikili kin ke w ke w
Ala w dous
Tik Tikili kin ke w
W dous k on lanmanlaye
Tik Tikili kin ke w ke w
Ala w dous
Tik Tikili kin ke w
W dous k on lanmanlaye

Premye fwa nan vi wen
Karès yon fanm chivoken we
Ala dous li dous
Ay! Mwen manifèste
Si m pa rele anmwe
Mezanmi, m a va toufe
Fanm sa anraje
Siwomyèl demavi
Karese mwa, adore mwa
Touye m ban m lanmou sa
Pote m sou do m a vole


Mal Damou

Nou danmou, nou ozamou
Sa k pa vle kite yo pale
Kè a kè, je nan je
Men nan men
N ap jwi lanmou nou
Lanmou sa jèmen san rezon
Li plede fleri nan tout sezon
Men kè mwen plenyen chagren
Soufrans mal damou
Soufrans mal damou

Lanmou sa s on ti kont
Yon ti kont amoure tire
Tètatèt, fasafas, bouch sou bouch
Nan plezi lanmou
Lanmou sa sentre nou nan tout kò
Move moman lavi rann li pi fò
Men kè mwen plenyen chagren
Soufrans mal damou
Soufrans mal damou

Hehehe !


Naka Pou Naka

Di Konpè Manno
Sispann divage pou we, Awoyo
Mwen pouki nonm lan babye konsa?
Di Konpè Manno
Sispann divage souple
Awoyo, nonm lan te chita
Sou fyèl malere

Pouvwa, sanfwanilwa
Naka pou naka sa ye
Pouvwa, sanfwanilwa
Naka pou naka yo ye

Alabon mizè wen
Bon pou yo, adje
Alabon mizè wen
Bon pou yo
Alabon mizè wen
Bon pou yo, adje
Alabon mizè wen
Bon pou yo

Bwa Kayiman jistis o mwen rele
Vilokan jistis o annonse
Nan Soukri jistis o mwen rele
Souvnans o jistis o anonse
Ewa Lèsen o, ewa he !
Ewa Lèsen o, ewa he !
Sèvitè Lèsen tande malere


Poto Mitan We

Tanbou wen plenyen
Tanbou wen gwonde
Tanbou wen move
Tanbou demafwa
Tanbou wo!
Tanbou sèvitè
Tanbou wo!
Tanbou rejete
Tanbou denigre
Tanbou delala
Tanbou malere

Potomitan we, poto
Potomitan we, poto
Potomitan we
Poto wen baryèa
Potomitan we, poto

Sèvitè solitè nan male
Nan kalomni
Yo jete tanbou wen vre

Comments are closed.