Lyrics


Abonnantandè Sali

Pasyans o! Pasyans o!
Yon ti pasyans
Pran pou wen souple
Pase m ape pase
Mwen pa vin pou rete
Sou kote m ap pase
Eskizen we si m deranje
Men fòk mwen pase la
Atansyon pa kapon, ewa!

Anjandre
Mwen konnen sa w peze
Demeplè
Gade valè malè demeplè
Dèyè do wen frape
Di mwen va si nou vle
Men sonje, wi, sonje
Chwal jennen voye pye
Wi sonje
Chwal jennen voye pye, wo
Anye !

Aganman, Vlope Wen Dela Etan

Aganman, adje,
Zo do kase koube
Gade w ape ranpe
Anraje fyèl pete
Pile yo pa pè pile
Yo mande tèt mwen, anmwe
Anba pay m ale kache
Aganman o, ewa,
Vlope sèvitè, souple, dela etan
Aganman o, ewa,
Vlope sèvitè, souple, dela etan


Akasya Innden We

Akasya, mwen louvri
Bran wen ba lesyèl
M pa wè devan
M pa wè dèyè
Se pa lavi sa
Mwen t ap chèche
Akasya o
Jenou m grave
Tèlman m mande padon
Men ki sen,
M mande ki sen
Ki sen m poko rele

Mwen bouke vre
Bouke nan peripeti sa
Mwen trakase vre
Trakase nan tribilasyon sa
Ki moun o, ki moun no
Ki moun o ka inndn we
Ki moun on
M mande ki moun o
Ki moun ka delivren we

Malere, mwen malere
Malere, ki moun ka soven we
Malere, mwen malere
Malere, ki mou ka soven we


Aladeriv

W kouche sou koten wen
Men kè w pa la, adje!
M ape sere w nan bra we
Mwen kè w pa la, adje!
Dezèspwa anpare wen
Mwen pa vle pedi w cheri!
Men tankou dlo nan dwèt o
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
Men tankou dlo nan dwèt o
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we

Fè ti souri gaden wen
Souri nan chalè, adje!
Pwoche tou pre kote wen
San fòse pale, adje!
Toujou mwen pa vle kwè
Bèl lanmou sa blaze, cheri
Men tankou dlo nan dwèt o
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
Men tankou dlo nan dwèt o
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we
W ap glise nan men we


Anbale Tchè Wen, Depoze

Tchè wen pa pou vann
Tankou panyen pwatann
Apiye pa frape
Pa frape tchè m souple
Si w pa renmen wen
Pa di m anyen
Konsa n a pi byen
Koze kredi
Se pou plezi
Lanmou wen se pou lavi
Yè !

Gade m koupe m je
Pran pòz w fache
Fè m kwè w jalou
Men je w klere tou patou
Tchè wen rapyese
Fann demwatye
Doulè san pitye
Koze kredi
Se pou plezi
Lanmou wen se pou lavi

Haha !
Apiye, apyie pa frape
Haha !
Apiye, apiye pa frape
Woule, woule, woule, woule
Hey! Dezenviten we, Adje!
Anbale tchè wen depoze


Anmourèz e Zanmi

Wi, Melani,
Mwen ta renmen nou zanmi
Melani, louvri tchè w ti cheri
Revele ti sekrè w, konfyen we

Men Melani
Pi plis pase yon ja mwen dekouvri
Bèlte tchè w fè dousè lavi
Melani, ti cheri, n ape jwi

Wi, Melani,
Laresiprosite denòtramou
Bwase siwo myèl nan tchè nou
Kèl bonè ajamè nan fon kè

Men Melani,
Pi plis pase yon ja mwen dekouvri
Afèksyon w ban mwen pa genyen pri
Melani, ti cheri, n ape jwi

Menm lavi wen m a bay pou w
Tchè wen genyen pliske lanmou
Apre jodi, apre demen
Bèl lanmou nou sa
Toujou fenk ap tanmen
Bradsi bradsou n a mache o
Nou sanble de ti jimo
Wi, Melani, Melani

Cheri we,
Fè wen yon bon zanmi pou w, Adje (4)


Annonse Mwen La

Simidò bon sanba
Simidò bon sanba
Simidò twoubadou
Simidò twoubadou
Simidò twoubadou
Simidò siwèl o
Trase vèvè we
Simidò siwèl o

Yehe ! Yehe ! Yehe !
Anonse mwen la
Yehe ! Yehe ! Yehe !
Anonse mwen la

Simidò bon sanba
Simidò bon sanba
Simidò twoubadou
Simidò twoubadou
Simidò twoubadou
Simidò siwèl o
Trase vèvè we
Simidò siwèl o
Trase vèvè we
Simidò siwèl o
Trase vèvè we
Simidò siwèl o

Yehe ! Yehe ! Yehe !
Anonse mwen la
Yehe ! Yehe ! Yehe !
Anonse mwen la


Asipoze

Asipoze lanmou w chanje pou we
Kesyon sa toumante wen vre
Asipoze lanmou w chanje pou we, Ha!
Asipoze doudou w mande kite
Asipoze gwo malè sa rive, adje
Asipoze nou ta kite

W ap fè wen plere
Hmm! W ap fè wen plere
Mwen santi mwen vle mouri
Tèt mwen vle deja pati
Mwen danmou vre
Ha ! Mwen danmou vre cheri
Mwen danmou vre
Anmwe! Mwen danmou vre
Men di wen lanmou w pap chanje, Wo!

Asipoze yon jou nou ta fache
Cheri, tanpri padone mwa
Asipoze yon jou nou ta fache, Ha !
Asipoze yon jou nou ta kite
Asipoze gwo malè sa rive, adje !
Asipoze nou ta kite

W ap fè wen plere
Hmm! W ap fè wen plere
Mwen santi mwen vle mouri
Tèt mwen vle deja pati
Mwen danmou vre
Ha ! Mwen danmou vre cheri
Mwen danmou vre
Anmwe! Mwen danmou vre
Men di wen lanmou w pap chanje, Wo!

Men ki sa m a fè san ou
Men ki sa m a fè san ou
Si nou kite
Wo! Doudou m a mouri
Woy ! Wou ! Doudou m a mouri


Ayiti Brezil

Nanm wen Ayisyen
Tchè wen Brezilyen
Yon ti flevè Bosa
Ay! Mwen danmou pou sa
Afrik o Ginen rasin mwen vre
Simidò sanba
Tonnèl o kaladja
Vodou nan lakou a
Ha ! simidò bon sanba
Zantray mwen chatouye
Fwomi nan de pye wen
Ha ! li bon sanba vre
Kaladja nan lakou a
Anye

Ayiti, Ayiti Brezil o
Ayiti, Ayti Brezil o


Ayiti Cheri

Ayiti Cheri, m ap toujou chante w
Tchè mwen kontinye karese belte w
Zantray ou goumen pou chèche lavi
Nostalji anvayi sa ki pati
Ayiti cheri
Bèl manman we, cheri
Ayiti cheri

Kouwòn libète w manman, yo vole
Fyète ou san rete yo pyetine
Men istwa ou limen yo gwo flanbo
Yo pap janm ka tenyen malgre yo
Ayiti cheri
Bèl manman we, cheri
Ayiti cheri

Palmis pouse toujou
Pi fèm pase banbou
Vètyè pote viktwa
Kouray ak lafwa
Pitit ou tou patou
Ap voye je sou wou
Nou vle leve w kanpe
Chante Ibolele
Tout moun granmoun o
Kay la solid o
Tout moun granmoun o
Kay la solid o
Anye !

Ayiti cheri
Bèl manman we, cheri
Ayiti cheri


Badji Wen Fran

De pou dezafi
Inosan mele sèvitè angaje
De pou dezawa
Ababò atribò
Sou resif yo monte
De pou dezafi
Inosan bite sèvite o kore
De pou dezawa
Lavi se wòl o
Granmoun o pa jwe

Badji wen fran badji
Badji wen fran
Badji wen fran
Badji wen fran, badji
Badji wen fran
Badji wen fran
…………
De pou dezole
Inosan chagren sèvite konsole
De pou dezèspwa
Li jou men li fè nwa
Bouch pa dou, batriba
De pou dezole
Inosan rele, sèvitè sipòte
De pou dezèspwa
Lavi se wòl o
Granmoun o pa jwe


Balade Manman We

Wi ! Se wen pitit w
Pitit ki pa blye mizè w pase
Manman cheri
M ap di w mèsi
Lanmou nan kè w
Ban wen lavi
Lanmou nan kè w
Ban wen lavi

Jou leve, jou kouche
Janmen mwen pa tande
Kote w plenyen
Doulè manman fado lavi
Pi bon manman pase w nan pwen
Wi pi bon pase w nan pwen

Kantik w bèse wen
Lè m sonje w byen lwen
W gide fo pa wen
Tankou yon zanj ginen
Jodiya m ap lite vye kò w va poze
Wi manman m pap janm bouke
Di w mèsi
Santiman sa makonnen
Kè nou pou lavi

Pa genyen mo
Pou di w santiman sa
O manman we nan fon kè we
Lanmou pap janm tari
Rele w Mari Lèsen disyèl beni
Manman cheri
M pap janm bouke di w mèsi
Wi pi bon manman pase w nan pwen


Beatitid

Beatitid o, beatitid o
Beatitid o, beatitid o
Lapè dan monkè
Mapèdèspri, beatitid o
Kwa sa pa lejè ni lou vre
Lè mwen louvri debra wen adje
Kwa sa pa lejè ni lou vre
Lè de jenou we atè o, adje
Pryè demonkè
Pryè demonnam o
Syèl o madoulè
Syèl o madelivrans o
Glwa atwa, glwa atwa
Sendèsen, glwa o sendèsen
Glwa a twa, glwa a twa
Beatitid o


Bèl Ti Kreyòl Dayiti

Ti kouri, ti kouri
Penyen chive w ti kouri
Fè w sanble yo metrès dlo
Ginen pedi nan fon wozo
Beniswa lavi w pote
Beniswa latè w pile

Granchimen, granchimen
W ap trese sou granchimen
Tankou zangi sou tèt dlo
Gangans w leve chapo
Kantamwa yo fè fo pa
M ape saloue w byen ba

Ha ! Bèl ti Kreyòl demavi
Ha ! Bèl ti Kreyòl Dayiti cheri
Ha ! Bèl ti Kreyòl demavi
Ha ! Bèl ti Kreyòl Dayiti cheri

Eloue! Eloue!
Kreyòl demavi Elou!
Pawòl w simen lanmou
Ak solèy tandrès nan je
Nan mitan tout ladoba
Lanmou sa kòde nou la

Granchimen, granchimen
W ap trese sou granchimen
Tankou zangi sou tèt dlo
Gangans w leve chapo
Kantamwa yo fè fo pa
M ape saloue w byen ba

Ha ! Bèl ti Kreyòl demavi
Ha ! Bèl ti Kreyòl Dayiti cheri
Ha ! Bèl ti Kreyòl demavi
Ha ! Bèl ti Kreyòl Dayiti cheri


Bonzanfan

(Kè) Pwoche pou tande
Louvri je gade
Bonzanfan meprize
Lanmou y ap mande
Kè yo depouye
Mezanmi, gen pitye

Bonzanfan, w se mati
Dlo nan je w ape mamote
W pa sa pale
Sa w ape pase
Bonzanfan, w ape grandi
Bèl ti flè w ape louvri
San lavi pa pote frechè
Ouwo, ki doulè sa, anmwe
Ouwo, ki lapenn sa
Gade doulè wo, bonzanfan

(Kè) Pwoche pou tande
Louvri je gade
Bonzanfan meprize
Lanmou y ap mande
Kè yo depouye
Mezanmi, gen pitye

Bonzanfan, w ape soufri
Inosan move sosyete
Ape maltrete avèk mechanste
Bonzanfan, w ape grandi
Men kòman w a konprann lavi
Men kòman w a chèche lavi
Wo, ki doulè sa, anmwe
Wo, ki lapenn sa
Gade touman wo, bonzanfan

(Kè) Espwa nou se lanmou

N ape mande

(Kè) Bonè nou se lanmou

Ouwo ! Ouwo !

(Kè) Lavi nou se lanmou

N ape mande, moun yo

(Kè) Bonè nou se lanmou

Ouwo ! Ouwo !

(Kè) Espwa nou se lanmou

Espwa nou se lanmou, anye

(Kè) Bonè nou se lanmou

Ouwo ! Ouwo !

(Kè) Lavi nou se lanmou

N ape mande, moun yo

(Kè) Bonè nou se lanmou

Ouwo ! Ouwo !


Bonzanfan–English version

Searching for the love
We need to survive
Won’t you open your heart?
Reach out to a friend
Loving without end
Point the way to heaven

Bonzanfan, w se mati
Dlo nan je w ape mamote
W pa sa pale
Sa w ape pase
Bonzanfan, w ape grandi
Bèl ti flè w ape louvri
San lavi pa pote frechè
Ouwo, ki doulè sa, anmwe
Ouwo, ki lapenn sa
Gade doulè wo, bonzanfan

Searching for the love
We need to survive
Won’t you open your heart?
Reach out to a friend
Loving without end
Point the way to heaven

Bonzanfan, w ape soufri
Inosan move sosyete
Ape maltrete avèk mechanste
Bonzanfan, w ape grandi
Men kòman w a konprann lavi
Men kòman w a chèche lavi
Wo, ki doulè sa, anmwe
Wo, ki lapenn sa
Gade touman wo, bonzanfan

Come and make a new friend
Be somebody who cares
Bring some hope
Lend a hand
Point the way to heaven


Bossa Valentine

Lè nou fache, lè nou fache
Mwen pa sa viv
Se tout kè m k ap dechire
Yon ti woz wouj nan mitan
Anpeche l senyen tout tan
Li deja ap fane
Kè m ape konsime chak jou

Sen Valenten, Sen Valenten
Sèvi m temwen
E di li jan mwen renmen l
Ke dlo je m lave ti kè l
Pou efase lepase
Men tanpri fè l vini
Si m pedi l
Mwen san lè mouri

M ap toujou mande l padon
Ajenou nenpòt kòman
Tank on pechè
K ap montre l repanti
Li ban mwen
Rezon pou m viv
Se li sèl ki bonè mwen
Deja mwen sèl
E kè mwen frèt san li

M a di l tout mo
Ki ka sikre l tank on ti bo
Lè ansanm nou retounen
Anba yon solèy minwi
Ki nan je l ape klere
M a dòmi m a reve
Ke se nou sèl ki egziste


Cheri, Fè Wen Sa W Vle

Cheri, Fè Wen Sa w Vle

Woy ! Woy ! Cheri we
Fè wen sa w vle

Mwen di
Fè wen sa w vle
Fè wen sa w vle cheri

Woy ! Woy ! Cheri we
Fè wen sa w vle

Fè wen sa w vle
Fè wen sa w vle, cheri

Woy ! Woy ! Cheri we
Fè wen sa w vle

Fè wen sa w vle amou
Fè wen sa w vle cheri

Woy ! Woy ! Cheri we
Fè wen sa w vle

Fè wen sa w vle
Fè wen sa w vle

Cheri, jan mwen renmen w
Cheri, jan m adore w
Se pa tchè anwen sèlman
M ape ba w
Se pa vi anwen sèlman
Mwen livre w
Cheri, fè wen sa w vle
HaHa !

Woy ! Woy ! Cheri we
Fè wen sa w vle

Mwen di
Fè we, fè wen non
Cheri, fè we

Woy ! Woy ! Cheri we
Fè wen sa w vle

Fè wen sa w vle cheri
Fè wen sa w vle, amou

Woy ! Woy ! Cheri we
Fè wen sa w vle

Fè wen sa w vle cheri
Mwen di fè wen sa w vle

Woy ! Woy ! Cheri we
Fè wen sa w vle

Fè wen sa w vle
Fè wen sa w vle

Lanmou we pou w
Pap janmen bite
Sou tchè mwen pote w
Lanmou we pou w
Lè w anvi koze
Mwen la pou koute
Lanmou we pou w
Pase pran we
M a pase rele w

Cheri, fè wen sa w vle


Dans Ladoba

Si w pa konnen danse
Pinga w antre nan won
Si w pa konnen danse
Pinga w antre nan won
Si w pa konnen danse
Pinga w antre nan won
Talè k on sa
W a danse sou yon pye
Hehe ! Hehe !
Talè k on sa
W a danse sou yon pye
Hehe ! Hehehe!
Talè k on sa
W a danse sou yon pye

Mwen jete dlo wen
Mwen pa mouye pèsonn
Sou kote m ap pase
Kalfou a pou nou de
Pote pote kore
Kay la pa solid o
Tonnèl la fin kraze
Chodyè o fin kreve san dife
Tande koze
Tande koze,
Tande koze, Mesye


Dans Pou Awoyo

(Kè) Laye, laye pou danse
Awoyo nou ye
Men nou gen gangans
Laye, laye pou danse
Awoyo nou ye
Men nou gen kadans
Ayi Ayi
Tanbou nou pa nan salon yo
Ayi Ayi
Kantik nou pa langaj pa yo
Wo, danse

1) Balanse, balanse
Zikap sou kote
Laye pou danse

2)Pa danse pou yo
Nou pa joujou yo
Nou pap danse pou yo
Woy ! Nou pa mele

(Kè) Laye, laye pou danse
Awoyo nou ye
Men nou gen gangans
Laye, laye pou danse
Awoyo nou ye
Men nou gen kadans
Ayi Ayi
Tanbou nou pa nan salon yo
Ayi Ayi
Kantik nou pa langaj pa yo
Wo, danse

Granmesi pou we
Wi, granmesi pou we
Yo pa vle tanbou mwe
Men ki mele mwe

(Kè) Granmesi pou we
Wi, granmesi pou we
Yo pa vle tanbou mwe
Men ki mele mwe

Wo, mezanmi, nan pwen digo
Pou blanchi nanm mechan yo
Men gen bale
N a bale wouze yo
N a monte tonnèl nou
Konsakre tanbou nou
Aplodi kantik nou , anye !

Awoyo nou ye
Men nou gen gangans

(Kè) N ap danse

Awoyo nou ye
Men nou gen kadans

(Kè) N ap danse

Laye, laye pou danse

(Kè) N ap danse


Delivrans

(Kè) Ane pase
Yo ale yo vini
Jou apre jou
Gade w fin deperi
Manman cheri
Mizè w gen pou fini
N ap fè Delivrans w
N ap fè Delivrans w
N ap fè Delivrans w
Ha wi, na kontante

Delivrans, Delivrans o

(Kè) Ane pase
Yo ale yo vini
Jou apre jou
Gade w fin deperi
Manman cheri
Mizè w gen pou fini
N ap fè Delivrans w
N ap fè Delivrans w
N ap fè Delivrans w
Ha wi, na kontante

Kòk la chante
Solèy la pwente
Ayizan, leve kanpe
Pote manman sou do
Pote manman sou do, anye
Ayizan, nou di devan “Chante”

(Kè) Ane pase
Yo ale yo vini
Jou apre jou
Gade w fin deperi
Manman cheri
Mizè w gen pou fini
N ap fè Delivrans w
N ap fè Delivrans w
N ap fè Delivrans w
Ha wi, na kontante


Depareyen We

Wololoy! Wololay!

Depareyen we, depareyen we
Mwen pa mele ak vèditè sila yo
Depareyen we, depareyen we
Nou sanble nou pa menm o
Depareyen we, depareyen we
Mwen pa mele ak vèditè sila yo
Depareyen we, depareyen we
Nou sanble nou pa menm o

Ha! lang yo file pase razwa
Ha ! zanmi nan dan sa yo se jouda
Wi ! katalolo, anba lang yo sere pwazon
Ha ! bonjou yo pa laverite
Depareyen we, adje!

Wi! Jevouzanpri
Depareyen we, moun yo
Depareyen we, fè sa pou we
Depareyen we, Adje!
Ayayay! Ayayay!
Depareyen we, moun yo
He!

Wololoy! Wololay!

Depareyen we!


Dyaspora

Relen we dyaspora
Lavi a pote m ale
Ale byen lwen
Lwen peyi we, Ayiti Toma
Yo di wen debwouye pa peche
Poutan m santi kè m ap rache
Se pa la m t a dwe ye
La mwen t a dwe ye
Mal ke mal sa ye, gen mwayen
Yon moso pen
Mwen voye pou kouzen
Mwen sonje fanmi mwe
Sonje vye fanmi mwe

Dyaspora mwen ye
Hayayayay !
Dyaspora mwen ye
Hayayayay !

Wi, nan dyaspora
Nostalji se maladi
Dòktè pa geri
Ayiti pa nan famasi
Pafwa m pa wè
Ki sa m ka bay
Ni m pa konnen
Ki sa m ka fè
Pou wè wen nan peyi we
Wè wen nan peyi we
M ap mache nan lari Pòtoprens
Gade mwen wè wen
Sou wout provens
Lèspri we blofen we
Dlo nan je gate san we

Dyaspora mwen ye
Hayayayay !
Dyaspora mwen ye
Hayayayay !

Mwen tankou yon pitit adòpte
Nan lavi mwen genyen de manman
Lanmou mwen kajole toulè de
Toulè de gen valè nan tchè we
Hehehe !

Relen we dyaspora
Lavi a pote m ale
Petèt yon jou
Lavi a pote m tounen
Ayiti Toma se k on sa w rele
Ayiti cheri w ap toujou rete
Soufrans w, soufrans mwe
Yon jou n a delivre
Ayiti Toma se k on sa w rele
Wi, Ayiti cheri w ap toujou rete
Kouray w, kouray mwe
N ap kontinye lite

Dyaspora mwen ye
Hayayayay !
Dyaspora mwen ye
Hayayayay !


Enamorado Soy

Enamorado soy
Lanmou sa fè m pale panyòl
Tankou jakorepèt o
Amor de mi vida
Por ti, me muero

Mwen danmou fou vre
Lanmou sa grape tchè wen
M pa wè, mwen pa tande
Nan pye w m ape trennen
W kwè m ap sove

Mwen pandye, mwen pandye
Devan bouch w, cheri
Tèlman mwen swaf
Ti pawòl danmou
Pa meprize, pa meprize wen
Di wen poukwa
W ap fè wen soufri
Soufri san rezon
Di m wi, pran we
Enamorado soy


Endijan Pou Lanmou

W fè m pote
Tchè we nan men wen vre
Kote m pase
Mwen tankou endijan
M ape tcheke plezi
Pou konsole tchè we
Amadwe tèt mwe

W fèm tounen
Yon papiyon byen dje
Tankou jennjan galan
M ape tcheke plezi
Pou mawonnen tchè we
Hehehe Hehehe
Tcheke plezi
Pou kalme soufrans mwe
Hehehe Hehehe
Pou konsole tchè we


Espwa

Mwen gen lontan
M ape priye Bondje
Mwen gen lontan
M ap di tanpri souple
Lamantasyon we
Fè sole singo
Priyè monte pi wo
Priyè monte pi wo
Priyè monte pi wo

Menmsi se vre
Paradi pa de pa
Menmsi se vre
Li pa fèt lapoula
Mwen gen èspwa
M a twouve rezilta
Mwen genyen yon bon Papa
Mwen genyen yon bon Papa
Mwen genyen yon bon Papa

Men gen pityen we
Bondje genyen pityen we
Gade soufrans mwe
Wi gade soufrans mwe
Se pa richès o
M ap plede mande o
Delivrans o
M ap plede chèche wo !
Soulaje mizè anwe
Soulaje mizè anwe
Soulaje mizè anwe
Papa Bondje
Se w ki sèl èspwa mwe

We !
Papa Bondje
Se w ki sèl èspwa mwe


Fwa Doute, Ranfòse

Rele Bondje pou we
Pèsonn pa wè li
Rele Jezi pou we
Li monte fè wout li
Ki lè l a tounen
Pèsonn pa konnen
Ki sa pou wen fè
Lavi wen s on lanfè

Pòt devan fèmen
Koridò kondannen
M ap rele anmwe
Pèsonn pa tande
Li mouri pou wen
Delege temwaye
Verite verifye
Mezanmi mwen mele

Wololoy! Wololoy!
Wololoy! Wololoy!
Kwa manman, kwa papa
Wololoy! Wololoy!
Wololoy! Wololoy!
Fwa doute ranfòse


Fyèten We

Mwen vivan toujou
Mwen vivan toujou
M ap kontinye chante
Peyi anwe Ayiti cheri
Mwen vivan toujou
Mwen vivan toujou
M ap kontinye chante
Mizik pèp anwe
Mizik peyizan we

Zòt twazen we, woy!
Plede koupen we koudje
Zòt twazen we, woy!
Mande ak ki sa
Mwen sanble la
Yo meprizen we
Pou yo mwen pa moun o
Men ki melen we
Mwen pap janm trayi san we
Pou yo, Aleman
Nèg Ginen mwen ye
Aleman, Ayizan mwen ye

Y ap pedi nanm yo
Y ap pedi nanm yo
Nan plede ranmase
Sa ki pa pou yo
Y ap pedi nanm yo
Yo di yo alamòd
Yon di yo anvòg, yo sivilize
Yo pale wen mal
Wouspete sanrete
Yo pale wen mal
Deklare mwen pa konn
Sa m ap fè
Yo denigren we
Pou yo mwen pa moun o
Men ki melen we

Mwen pap janm trayi san we
Pou yo, Aleman
Nèg Ginen mwen ye
Aleman, Ayizan mwen ye

Ensivalavi
Vye vwa wen wouye o
Ensivalavi
Vye tanbou wen sa kreve o
Ensivalavi
Lonbray yo demaken we
Men ki melen we
Mwen pap janm trayi san we
Pou yo, Aleman
Bon Ginen mwen ye

Haha! Palemwadsa
Fyèten we


Gade Ya Gaden We

Towo Migèl o
Tande m tande m nèg yo pare
Yo pare pou we
Moveje o wi!
Towo Migèl o
Tande m tande m nèg yo pare
Yo pare pou we
Towo, Towo anwe
Jape ya jape
Men yo pap sa mode
Chyen fobo yo ye
Wi ! Towo Towo anye
Kònn nou pa bye
Bon Ginen nou ye
Migèl Migèl o!

Towo Migèl o
Tande m tande m yo fè konplo
Konplo sou do we, adje
Towo Migèl o
Tande m tande yo fè woulo
Woulo sou do we, adje
Towo, Towo anwe
Bave ya bave
Men yo pap sa mode
Chyen fobo yo ye
Towo Towo anwe
Danble nou danble
Bon Ginen nou ye
Migèl Migèl o

Towo Towo Towo !
Jape ya jape vre
Towo Towo Towo!
Gade ya gaden we
Towo Towo Towo!
Bave ya bave vre
Towo Towo Towo!
Gade ya gaden vre
Towo Towo Towo!
Jape ya jape vre
Towo Towo Towo!
Gade ya gaden we


Gangans

Gangans
Hela, sa w pote?
Men montre ki sa w pote la
He la men gangans
Men montre gangans ou la
(9 fwa)


Gita Madichon

Woy! ………

Bwa gita anwe
Madichon we
Li tanpen wen sou do
Gita tounen fado
Menm nan fon somèy
Lèspri wen gen zòrèy
Bwa gita anwe sou dyapazon
Pou bèl enspirasyon

Bwa gita anwe
Mizè anwe
Rechanj sou kò m ape mache
Adje, Bondje
Mariterèz o,
Bèl ti manman Gito
M ap kite w ale vre
San w pa wè sa m regle

Woy! …………

Gitan we
Bwa gita anwe
Madichon we sa
Se vre, se vre

Gita anwe
Bwa gita anwe
Mizè wen sa
Se vre, Sevre

Ewa! o Ewa!
Al on gita madichon
Se vre, se vre
Ewa! o Ewa !
Al on gita madichon
Se vre, se vre


Hesou

Hesou, limyè klere nan je mwe
Linivè se yon tablo
Tablo k ape transpire lavi
Chak fwa ti flè louvri
M santi latè fremi
Dekò lavi jayi lavi, adje

Hesou, limyè klere nan fon kè
E gade bèlte koulè
Koulè je klè poko pwèt pou wè
Pa di m ape reve
Pito m pa reveye
Jaden lèspri se paradi, adje

Melodi mwen jwe
Projte koulè
Koulè mwen vibre
Anbeli lavi mwen rèspire
Houm ! Elou ! Hesou !
Houm ! Elou! Hesou!


Jwisans

Jwisans
Zetwal lanmou wen nan je w
Vini chamen we,
Vini chamen we
Tout kè wen se pou w
Zetwal lanmou wen nan je w
Vini chamen we,
Vini chamen we
Tout kè wen se pou w
(tout kouplè a: 4 fwa)

Vini wo vini
Vini wo cheri
Vini wo vini
Vini wo vini
Vini wo vini
Vini wo cheri
Vini wo vini


Kadanse

Koudjay la kòmanse, moun yo
Koudjay la kòmanse, adje
Pleziyè, siye planche
Vini manifèste

(Kè) Kadanse san file zèpon
(Repons) San file zèpon
(Kè) Kadanse leve zèl jipon
(Repons) Leve zèl jipon
(Kè) Debaba n ape debaba
(Repons) Debaba o Debaba
(Kè) Siye planche danse, danse la
(Repons) Danse la, danse la

(Kè) Kadanse san file zèpon
(Repons) Wo lolololoy
(Kè) Kadanse leve zèl jipon
(Repons) Wi Leve zèl jipon
(Kè) Debaba n ape debaba
(Repons) Debaba o Debaba o
(Kè) Siye planche danse, danse la
(Repons) Danse la, wo danse la

Kadanse san file zèpon
Kadanse leve zèl jipon
Debaba, n ape debaba
Siye planche danse danse la


Kalalou a Glise

(Kè) Kalalou a glise
Dwèt pa beke
N a chèche kiyè (3 fwa)

Kwa mwen m ap pote
Mwen tonbe leve
Mwen tonbe leve
Kwa mwen m ap pote
M pa sa sipòte
M pa sa sipòte

(Kè) Kalalou a glise
Dwèt pa beke
N a chèche kiyè (2 fwa)

Kwa mwen m ap pote
Mwen tonbe leve
Mwen tonbe leve
Kwa mwen m ap pote
Mwen pa sa sipòte
Mwen pa sa sipòte

Gade yo fin mandrinen we
Fè m manyen drese manje mwen
Anmwe!

(Kè) Glise, glise, glise

Tray la se pou mwe
Tray la se pou mwe
Tray la se pou mwe
Yo san pitye

(Kè) Glise, glise, glise

Byen san swe
Nan djakout zotobre
Men w a tande koze
Lè regleman rive
(Kè) Glise, glise, glise
Kalalou a glise
Kalalou a glise
Kalalou a glise, zanmi
W a chèche kiyè

M a chèche kiyè, wo!

(Kè) Glise, glise, glise

Tonbe leve, mezanmi
Tonbe leve, m ap jemi
Men ki kwa sa m ape pote

(Kè) Glise, glise, glise
Kalalou a glise
Kalalou a glise
Kalalou a glise, zanmi
W a chèche kiyè

M a chèche kiyè, wo!


Kanpe Fèm

Zonbi lanmannan
Zonbi egare nan chan o
Zonbi lanmannan
Chenn nan pye
Kòd nan kou
Tankou kondane san tan
Zonbi o zonbi
Zonbi men leve tèt w
Mwen pote disèl o, adje
Zonbi mwen pote disèl o
Depoze sou lang w adje

Reveye
Reveye vye frè wen, reveye
Reveye, vye sò wen, reveye
Souke kò w, souke kò w
Vye frè wen, sou ke kò w
Souke kò w, vye sò wen
Souke kò w
Libète, Libète,
Zonbi o lanmannan, kanpe
Libète


Kanzo Dosou

Si w ale nan Kanpèch o
W a mande Feray o
Fè yo, fè yo
Ki sa mwen fè yo
Si w ale Lavilokan
W a mande Bagidi
Pouki, pouki m ap peri

Ha ! Batriba o batriba
Wa pa kouzen, adje
Ha ! Kesekwèt o kesedjo
Zanmi nan dan, adje
Sekwe, sekwe
Kanzo Dosou pou we


Kè Delese

Yon ti marabou koulè kafe
Nan bran wen ap soupire
Siwote kòktèl de jwa
Dolce vita, nou vwala
Relen we banbochè pleziyè
M ape chèche pafè bonè
Men tankou briz k ap pase
Bonè pa janmen dire

Djobolo Dosou
Mwen louvri tchè wen gran
Lanmou antre, lanmou pa rete
Djobolo Dosou
Mwen louvri tchè wen gran
Lanmou antre lanmou pa rete
Djobolo Dosou
Mwen louvri tchè wen gran
Lanmou antre lanmou pa rete
Djoubolo Dosou
Mwen Louvri tchè wen gran
Lanmou antre lanmou pa rete vre
Lanmou pa rete vre
Lanmou pa rete vre
Lanmou pa rete vre

Alatraka, adje !
Alatraka, adje !


Kè Wen Se Nich W

W mèt leve ale
Sife, w a tounen
W mèt pati ale
Sife, w a tounen
Ale kote w vle
Sife, w a tounen
Kè wen se nich w
Lè w sonje nich w
W a tounen pou we
Kè wen se nich w
Lè w sonje nich w
W a tounen pou we

Nan mitan syèl ak tè
Refij w sen we
Bavade, sèmante,
Verite w sen we
Bòloze, feraye
Repo w sen we
Kè wen se nich w
Lè w sonje nich w
W a tounen pou we
Kè wen se nich w
Lè w sonje nich w
W a tounen pou we

Lanmou wen pi fò
Pi fò pase soufrans we
Lanmou wen pi fò
Pi fò pase touman we
Dlo koule nan je we
Anbome souvni nou
Mwen pa sa blye
Mwen pape janm blye vre


Konbit

Lanbi kantonnen
Travayè pare, mezanmi
Konbit la kòmanse

(Kè) Anye!

Konkou wo

(Kè) Konbit la kòmanse

Men rele dòktè, rele enjenyè
Rele pwofesè
Nou bezwen sèvo

(Kè) Anye!

Konkou wo

(Kè) Konbit la kòmanse

Rele atizan, rele etidiyan
Rele peyizan
Lafanmi se nou

(Kè) Anye!

Konkou wo

(Kè) Konbit la kòmanse

Rele komedyen,
Rele mizisyen,
Rele simidò pou ladistraksyon

(Kè) Anye!

Konkou wo

(Kè) Konbit la kòmanse
Woy, woy, woy
Ayiti ban nou lavi
Vi, vi
Pou w nou pa pè mouri
Wi, wi
Ayiti n ap fè w bèl,
Bèl, bèl
N ap travay n a sove

(Kè) Anye, konbit la
Mande konkou, anye

Nan mitan malveyan
Nou mache, mezanmi
Nou pa fawouche

(Kè) Anye, konbit la
Mande konkou, anye

Nan mitan bizango
Nou mache, mezanmi
Nou pa fawouche

(Kè) Anye, konbit la
Mande konkou, anye

Konkou wo, konkou wo
Konkou wo , konkou wo
Konkou wo, konkou wo
Konbit la mande konkou
Adje, mesye

Konkou wo, konkou wo
Konkou wo , konkou wo
Konkou wo, konkou wo
Konbit la mande konkou
Adje, mesye

(Kè) Anye, konbit la
Mande konkou, anye

Nan mitan malveyan
Nou mache, mezanmi
Nou pa fawouche

(Kè) Anye, konbit la
Mande konkou, anye

Nan mitan bizango
Nou mache, mezanmi
Nou pa fawouche(

Kè) Anye, konbit la
Mande konkou, anye

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Sa yo pa vle wè, ya wè

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Twa fèy, Twa rasin o

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Wi, sa yo pa vle wè ya wè

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Nou pa fawouche

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Wi, sa yo pa vle wè, ya wè

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Twa fèy, twa rasin o

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Sa yo pa vle wè. ya wè

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Wo, Nou pa fawouche

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Sa yo pa vle wè, ya wè

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we

Moun yo nou pa fawouche

(Kè) Yo pa vle wè mwen
Yo pa vle
Sa yo pa vle wè, ya wè
N a di yo pou we


Kongo Nan Inde

Kote n ap danse kongo?
Kote n ap danse kongo?

Hm! Kote n ap danse kongo?
(Kè) –Lakay nan Inde

Kote n ap danse kongo, ewa?
(Kè) –Lakay nan Inde

M mande kote n ap danse kongo?
(Kè) –Lakay nan Inde

Lafanmi o, vin danse kongo
(Kè) –Lakay nan Inde

M mande kote n ap danse kongo?
(Kè) –Lakay nan Inde

Lafanmi o, vin danse kongo
(Kè) –Lakay nan Inde

Anna Charles o
Kongo nan Inde
Woule nan tèt mwe

(Kè)—Woy woy woy!

Primpapipopop
Tanbou sa frappe
Tizonnen san mwe

(Kè) Woy woy woy !

Anna Charles o
Kongo nan Inde
Woule nan tèt mwe

(Kè)—Woy woy woy!

Primpapipopop
Tanbou sa frappe
Tizonnen san mwe

(Kè) Woy woy woy !

Way ! Way ! Way !
Kongo nan Inde
Way ! Way ! Way !
Kongo nan Inde

(Kè) Woy woy woy!

Anna Charles o
Mwen toujou sonje
Kongo nan Inde

(Kè) Woy woy woy !

Primpapipopop
Tanbou sa lage
Fwomi nan janm mwe

Way ! Way ! Way !
Kongo nan Inde

(Kè) Woy woy woy !

Way ! Way ! Way !
Kongo nan Inde

(Kè) Woy woy woy !

(Kè) Kongo o, kongo
Kongo o, kongo

Woy ! Kongo ! Woy ! Kongo
Woy ! Kongo!
Lafanmi n ap danse kongo

(Kè) Kongo o, kongo
Kongo o, kongo

Way ! Kongo! Way ! Kongo!
Way! Way!
Lafanmi n ap danse kongo

(Kè) Kongo o, kongo
Kongo o, kongo

Nan Inde mwen t ale, Mesye wo
M danse yon kongo
Nan Inde mwen t ale wo
M pa sa bliye

Kongo o, kongo
Kongo o, kongo

Wo ! Kongo ! Wo ! Kongo
Wo ! Kongo!
Lafanmi n ap danse kongo

(Kè) Kongo o, kongo
Kongo o, kongo

Way ! Kongo! Way ! Kongo!
Way! Way!
Lafanmi n ap danse kongo

Kè) Kongo o, kongo
Kongo

Koudfoud

Bèl ti fanm sa, bèl ti fanm sa
Je nou kwaze
Lamenm souf mwen koupe
Bèl ti fanm sa, bèl ti fanm sa
Tank on ti chyen
M ap sib kote l pase
Bèl ti fanm sa, bèl ti fanm sa
S on koudfou ki frapen we adje
M tonbe danmou, mwen tonbe

O Mariya, O Mariya
Non w se mo d pas
Bonè wen sou latè beni
O Mariya, Mariya
Sèl priyè ki grennen sou lang mwe
O Mariya, O Mariya,
Yon koudfoud ki flanbe lanmou we
Nan fon tchè we pou w

Yon ti jwayo mwen byen anvi chwaye vre
Yon bèl nègès anfòm kadre nan bran we
Montre wen bonte tchè w
M a lage vi wen nan men w
Tonbe cheri, mwen tonbe

O Mariya, O Mariya
Non w se mo d pas
Bonè wen sou latè beni
O Mariya, Mariya
Sèl priyè ki grennen sou lang mwe
O Mariya, O Mariya,
Yon koudfoud ki flanbe lanmou we
Nan fon tchè we pou w
Nan fon tchè we pou w cheri
Mwen danmou


Kridemonkè

Maske figi fè wen konprann
Kanaval la rive
Nan tout lari
Nan tout rankwen
Bonzanfan gen laperèz
Se pa lavi sa mezanmi o
Solèy levan pote
Tribilasyon sèlman pou yo
Zanfan ozabwa
Haltela ! Kivala !
Lalwa depatcha
Dezafi dezawa

Gen pitye zanfan yo
Bonpwochen
Lonje yo lamen
Lèvwasi san fanmi nan lari
Lonje yo lamen

Machanson, kridemonkè


“L” Pou Lanmou

Yon badji byen monte
Gen yon flanm byen limen
Mwen fèmen de jen we
M ap chèche kote l ye
Yon badji byen monte
Flanbe dèstinen we
Mwen fèmen de jen we
Li montre m kote l ye

Mevwasi tchè ouvè
Yon gwo “L” nan tchè we
Mevwasi tchè ouvè
Lanmou tanpe tchè we
Badji sa byen monte
Li klere tchè anwe

Badji mwen danmou
Pou w chak jou
Awi ! mwen danmou
M adore flanm sa toujou
Badji mwen danmou
Pou w chak jou
Awi ! mwen danmou
M adore flanm sa toujou



Lanmou mwe

Louvri kè m verifye
Mwen danmou
Jis mwen fou
Louvri kè m
Devore lanmou mwe
Pwoche pre apiye
Mwen pa sa sipòte
Pwoche pre
Devore lanmou mwe

Louvri kè m verifye
Louvri kè m devore
Louvri kè m pataje
Mwen danmou
Jis mwen fou
Louvri kè m verifye
Louvri kè m devore
Louvri kè m pataje
Mwen danmou
Jis mwen fou, adje ! Bondje !

Louvri kè m abite
Tout kè wen se pou w
Louvri kè m
Kontanple lanmou mwe
Pwoche pre apiye
Mwen pa sa sipòte
Pwoche pre
Devore lanmou mwe

Louvri kè m kontanple
Louvri kè m abite
Louvri kè m pataje
Mwen danmou
Jis mwen fou
Louvri kè m verifye
Louvri kè m devore
Louvri kè m pataje

Mwen danmou
Jis mwen fou, adje ! Bondje


Lapli Pa Mouyen We

Nan gran chimen m te ye
Tout moun pase y ap ri we
Nan gran chimen m te ye, mezanmi
Lapli tonbe mwen pa mouye

Nan gran chimen m te ye
Tout moun pase y ap ri we
Gran chimen m te ye, mezanmi
Lapli tonbe mwen pa mouye

Nan gran chimen m te ye
Tout moun pase y ap ri we
Gran chimen m te ye, mezanmi
Lapli tonbe mwen pa mouye

Gason o,
Badji, badji gason o
Gason o,
Badji, badji gason o
Bon badji
Gason o,
Badji, badji gason o
Lapli pa mouyen we


Lavi We

Lavi pote m ale
Kote m pa t èspere
Ni kwè, ni swete
Lavi miwo miba
Genyen plis traka
Mwen mache
Sou pinnga we, papa

Malgretou mwen pran kou
Menm nan zafè lanmou
Mwen moribon toujou
Men tankou dezevre
Nan lari m ap drive
Mezanmi lavi m ap chèche

Gason, mete kanmson sou w
Gason, si w vle fòs volonte
Korije dèstine
Gason, leve kanpe si w tonbe
Gason, reziyasyon se fatalite
Fè w kwè yon jou
W a va vire gade dèyè
W a wè kalvè w kap monte
Pa pou granmesi, vye frè
Menm pou malere
Genyen Bondje anlè


Lèmiso Bon Badjikan

Syèl anwo, tè anba
Dlo atè, dlo anlè
Delatètopye
Mwen beni pou lavi
Tan fè tan
Paradi dèstinen we, adje
Gwo bonnnanj sentre mwen fò
Tanpri souple

Po wen nwè, wi, se vre
Men nanm mwen byen klere
Klere pase limyè
Menm je klere pa wè
Tan fè tan
Paradi dèstinen we, adje
Gwo bonnnanj sentre mwen fò
Tanpri souple

Lèmiso Nèg Nago Batala
Lèmiso rele w bon Badjikan


Lite Na Sove

(Kè) Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ap feraye
Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ape lite
Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ape vanse

Nan mitan n ape lite
Anba yo n ape woule
Sipò nou plede chèche
Tout pòt nou plede frape
Fado lavi toujou peze
Nou pap sonbre
N ape vanse

(Kè) Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ap feraye
Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ape lite
Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ape vanse

Move tan, move moman
Move souvni nou sere dan
Dòmi reve èspwa nan kè
Chante lapenn bay kò kouray
Nou pap sonbre
N ape vanse

(Kè) Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ap feraye
Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ape lite
Ewa ewa! Ewa ewa!
Ewa ewa!
N ape vanse

Ouye, Ouye,
Lite, n a sove
Lite, lite, n a sove
Lite, n a sove

Ouye, Ouye, Ouye
Lite, n a sove
Lite, n a sove
Lite, lite n a sove


Lòvanna Baladen We

Lòvanna, balade
Lòvanna, baladen we
Vye kò wen fatige
E ni m pa ka poze
Lavi ban wen gwo so
Mennen we Basen Sodo
Dlo Ginen gaya vre
Benyen wen, benyen m souple

Kalfou sa devan we
Kalfou sa pile danje
Ban wen lesepase
Ma janbe san blese
Mwen deja pran gwo so
Nan tenèb limen flanbo
Lòvanna, balade
Lòvanna, baladen we

Pa kite m bite, souple
Pa kite m tonbe, souple
Baladen we, Lòvanna


M Ape Tann W Cheri

M ape tann w cheri
Tankou tè sèk
K ap tann lapli
Maladi anvi
Si w pa ta vini
Pa sezi tande
Mwen leve kouri

M ape tann w chouchou
Mwen bouke konte jou
Maladi danmou
Mwen si w pa ta vini
Lanmou wen pap tari
Men m a vle mouri
Mwen pa sa manje
Mwen pa sa pale
Mwen pa sa viv vre
M ap tann w cheri
M ape tann w cheri, vini


Madousè

Tik Tikili kin ke w ke w
Ala w dous
Tik Tikili kin ke w
W dous k on lanmanlaye
Tik Tikili kin ke w ke w
Ala w dous
Tik Tikili kin ke w
W dous k on lanmanlaye

Premye fwa nan vi wen
Karès yon fanm chivoken we
Ala dous li dous
Ay! Mwen manifèste
Si m pa rele anmwe
Mezanmi, m a va toufe
Fanm sa anraje
Siwomyèl demavi
Karese mwa, adore mwa
Touye m ban m lanmou sa
Pote m sou do m a vole


Mafoli Damou

Mwen pedi nan je w
Nwaye pou m pa sove
Mouri trepase nan bra w
Mafoli damou
Mafoli damou

Gade m pedi nan je w
Mistifye tchè wen
Tounen l lanvè landwat o
Ti je dou fè wen sou
Chak ti bo se siwo
Gade jan lanmou sa
Pran nanm mwen vre
Syè l ak tè rankontre
Paradi nan de je w
L ape klere han ! Han !
Han ! Han !

Mwen pedi nan je w
Lèspri wen prizonye
Bèl santiman we pou w
Mafoli damou
Mafoli damou

Gade m pedi nan je w
Depale, mwen depale
Lè w pase men w sou we
Ti je dou fè wen sou
Chak ti bo se siwo
Gade jan lanmou sa
Pran nanm mwen vre
Syè l ak tè rankontre
Paradi nan de je w
L ape klere han ! Han !
Han ! Han !


Mal Damou

Nou danmou, nou ozamou
Sa k pa vle kite yo pale
Kè a kè, je nan je
Men nan men
N ap jwi lanmou nou
Lanmou sa jèmen san rezon
Li plede fleri nan tout sezon
Men kè mwen plenyen chagren
Soufrans mal damou
Soufrans mal damou

Lanmou sa s on ti kont
Yon ti kont amoure tire
Tètatèt, fasafas, bouch sou bouch
Nan plezi lanmou
Lanmou sa sentre nou nan tout kò
Move moman lavi rann li pi fò
Men kè mwen plenyen chagren
Soufrans mal damou
Soufrans mal damou

Hehehe !


Marasa

Yon ti samba
Vin di wen tou ba
Ginen Pòtigè
Pliske de frè

Tand on mizik
Tan on mizik, mezanmi

Yon ti samba
Te fè m konprann sa
Vodou macumba se marasa
He, marasa nou ye !

Rasin nou laye nan tout Lafrik
Jèmen jis Lamerik
Avèk bèl flè lanmou
Pou anbome mizik nou, yè ! yè !
Nou vibre nanm nou
Nan tout mizik
Chame tout fanatik
Bonè nou simaye, yè !


Maswife

M ap monte maswife
M ap monte maswife
Chak fwa m monte
Chak fwa m monte
Mwen monte
Mwen glise desann
Mwen pa sa vanse vre

Debwouye pa peche
Debwouye pa peche
Souke kò wen,
Souke kò wen, demele
Anyen pa mache
Mwen pa sa vanse vre

Maswife, mizè wen
Mizè wen san mizerere
Menm degi
Ravèt yo pa kite pou malere
Lavi we se kòchma
M ape viv o jeklè
Maswife, maswife
M ape monte

Anye ! Anye ! ……..


Mereng Damou Pou Ayiti

Ayiti, peyi we
Zantray mwe
Manman we
Larenn o demonkè
Gade nou la
Toujou ap lite
Nèg vanyan nou genyen fyète
Nou jire san rete
Libète nou dwe rete sakre
Libète, libète nou sa
Dwe rete sakre vre
Ayiti cheri

Ayiti, eritay lejitim
Eritay lejitim, Ayiti
Rasanble Ayisyen rasanble
Ini nou, annavan pi devan
Chaj la lou
Li lou vre
N a bite
Men nou pap janm sonbre
Ayiti, bèl peyi nou sa
Kreyasyon Bondje vre
Kreyasyon Bondje vre
Kouray zansèt yo
Ayiti cheri
N ape selebre
Drapo nou flote

Selebre, selebre
Selebre n ape selebre
Selebre, selebre
Selebre n ape selebre
Ayiti cheri


Mèsi Dye

Mèsi Dye, mèsi Dye
Pou sa w fè pou we
Pou sa w fè pou we
Pran pitye, pran pitye
Si m twò debòde
Sii m twò debòde
Tanpen we, tanpen we
Pitit w mwen ye
Innden wen sove
Kleren we, giden we
Lakay Papa annou
Wayòm Papa annou

Hay!…..

Mèsi Dye!

Ho!
Domine, domine, domine
Papan we
Fouye m anba zèl w
Elou, Elou, Eloue
Woy !
Domine Papan we
Fouye m anba zèl w

Mèsi Dye!


Mizik Sa

Mizik Sa
Mizik sa, mizik pey an we
Mizik sa koule nan san we
Mizik sa chatouyen wen vre
Tande sa, tande sa
Mizik pote m al vre, anye wo

Mezanmi fanmi mwen yo
Mizik sa chatouyen wen vre
Kouve nan fon zantray mwe
Tande sa, tande sa
Mizik sa pote m ale, ale ha !


Mwa Pou Twa

Sife, lanmou wen
Pa gen parèy o, sife
Danmou mwen tèlman danmou
W koule nan san we
Kontan gade mwen kontan
Lanmou kontanten we, adje
Ha wi! Mwen pap pè mouri
Pou wen ba w lavi

Hey !
Mwa pou twa
Hey !
Mwa pou twa

Mwen renmen w cheri
Mwa pou twa
Fè sa w vle ake wen
Mwen pou w
Mwen renmen w cheri
Mwa pou twa
Fè sa w vle ake wen
Mwen renmwen w
Heha!

Kò wen pran frisonnen
Depi w sou kote w
Danmou mwen tèlman danmou
W kole sou po we
Kontan gade mwen kontan
Lanmou satilfè wen, adje
Wi doudou


Mwen Danmou Yon Nègès Anvoute

Gade ki jan m tonbe, tonbe danmou
Pou yon Nègès anvoute
Bèlte fanm sa lave jen we
Loray gwonde mwen pa tande
Li pran nanm mwen vre
Sou tèt nwaj m ap valse
Nan fon syèl m ap rive

Di m jan w renmen m tou
Tchè wen plede ponpe lanmou
Pou w chak jou
Men di m jan w renmen m tou
Pi plis pase jan wen tonbe
Danmou pou w
Boloze o, boloze
Boloze o, n a boloze
Vin bere tchè wen
Ban m ti bo, cheri
Chamen we, ban m lavi


Mwen Manke w Sovajman

Gen yon moun
Ki make vi wen vre
Gen yon moun
Mwen pap janmen blye
Gen yon moun
Ki louvri tchè mwen vre
Gen yon moun
Ki fè m pedi tèt mwe

Se w menm lanmou w manken we
Awi! Soufrans wen pa piti
Solèy pa klere tchè we

Gen yon moun
M ap toujou admire
Gen yon moun
K ap toujou bèl pou we
Gen yon moun
Jodiya m ap chante
Gen yon moun
Vizyon li fè m plere

Se w menm jodiya mwen sonje
Awi ! soufrans wen pa piti
Sole pa klere tchè mwe
Awi ! soufrans wen pa piti
Sole pa klere

Mamwatye
Lesyèl sèlman k konnen
Janm m manke w
Se w k mwatyen we
Lesyèl sèlman k konnen
Janm m manke w
Monnamou
Lesyèl sèlman k konnen

Janm m manke w
Sife mwen manke w
Gade soufrans
M ape andire la


Nago Daki

Dozado, dozado Ayizan yo n ap mache
Dozado fè divizyon sa jouda yo trayi we
Ha! Verite sa blese
Anye wa! Anye wa! Adjova! Adjova!
Anye wa! Anye wa! Adjova! Adjova!

Gede pa libera ye!
Gede pa libera, se liberasyon
Gede pa libera ye!
Gede pa libera, se liberasyon, tande !
Woy, mawonnay la !
Woy, nan lonbray la!
Woy, mawonnay la!
Woy, nan lantouray la!

Woy, mawonnay la !
Woy, nan lonbray la!
Woy, mawonnay la!
Woy, nan lantouray la!

Gede liberasyon chante
Gede liberasyon chante
Gede liberasyon chante
Gede liberasyon chante
Gede liberasyon chante
Gede liberasyon chante
Gede liberasyon chante
Gede liberasyon chante


Naka Pou Naka

Di Konpè Manno
Sispann divage pou we, Awoyo
Mwen pouki nonm lan babye konsa?
Di Konpè Manno
Sispann divage souple
Awoyo, nonm lan te chita
Sou fyèl malere

Pouvwa, sanfwanilwa
Naka pou naka sa ye
Pouvwa, sanfwanilwa
Naka pou naka yo ye

Alabon mizè wen
Bon pou yo, adje
Alabon mizè wen
Bon pou yo
Alabon mizè wen
Bon pou yo, adje
Alabon mizè wen
Bon pou yo

Bwa Kayiman jistis o mwen rele
Vilokan jistis o annonse
Nan Soukri jistis o mwen rele
Souvnans o jistis o anonse
Ewa Lèsen o, ewa he !
Ewa Lèsen o, ewa he !
Sèvitè Lèsen tande malere


Palonma, Pale Mwa Damou

Jou nou te rankontre
Karetèl Latido
W te finn tire dlo
Tchè wen goute frechè lanmou
Depi lò mwen bouke
Soupire nan pye w
Di wen ki sa pou m fè
Lanmou sa toumante wen vre

Rele wen grandizè
W ap maken wen fredè
Santiman wen sensè
M a sèmante lakay Pè
Depi nou fin kwaze
Karetèl Latido
W te ban m yon ti dlo
Mwen tankou pèlren devwe

Pale, Palonma
Pale mwa damou
Pale, Palonma o
Pale mwa damou
Pale, Palonma o,
Pale mwa damou
Wouze, wouze
Tchè wen wouze, souple

Hey…..
Hey, adje !


Pi Ta Pi Tris

Malanga sa grate vre
Malanga sa grate vre
Malanga sa grate vre
Malanga sa grate vre
Lòminò n a ranje li
Pou jouda sa yo
Lòminò n a ranje li
Pou move je sa yo
Lòminò n a ranje li
Pou sèpan sa yo
Lòminò n a ranje li
Pou move je sa yo

Pi ta pi tris o
W a tande koze
Lè regleman sa rive
Ayayayay !
Pi ta pi tris o
W a tande koze
Lè kabwouyay sa pete
Ayayayay !
Pi ta pi tris o
W a tande koze
Lè regleman sa rive
Ayayayay !
Pi ta pi tris o
W a tande koze
Lè deblozay sa pete


Pinga Yo Sezi

Sa k montre koulèb la
Kòz yo vle touye koulèb la
Danbala Wedo, woy!
Danbala Wedo
Kout ponya nan do anwe
Kout ponya make do anwe
Danbala Wedo, woy!
Danbala Wedo

Sa k montre koulèb la
Angaje koulèb la
Danmbala Wedo, adje!
Woy ! Danmbala Wedo
Chabari sou do anwe
Yo bat chabari sou do anwe
Danbala Wedo, woy!
Danbala Wedo

Pinga yo sezi, pinga yo sezi
Pinga yo sezi vre, Danbala Wedo
Pinga yo sezi
Pinga yo sezi, wi pinga yo sezi vre
Pinga yo sezi, Danbala Wedo
Pinga yo sezi vre
Gras a Dye, Lèsen la
Vye nèg pa vye chyen o, anye !

Anye, Anye!


Plezi Atchoukase

Atchoukase, atchoukase
Nou pran plezi atchoukase
Atchoukase, atchoukase
Nou pran plezi, atchoukase
Tankou de ti konplis
N ap fè jwèt tout ti vis
Gade mwen gade w
M santi m ta devore w
Amou, amou

Atchoukase, atchoukase
Nou pran plezi atchoukase
Atchoukase, atchoukase
Nou pran plezi, atchoukase
Tankou de ti konplis
N ap fè jwèt tout ti vis
Gade mwen gade w
M santi m ta devore w
Cheri, cheri

Sèmante sou vi we
Fanm dous mwen se w
Si pasyon se peche
Mwen deja kondane
Sèmante sou vi we
Fanm dous wen se w
Si pasyon se peche
Padonen we tanpri
Cheri, cheri

Cheri, anmwe
N ap pran plezi
Atchoukase


Pote M Sou Kè

I)
Mwen kouche
Radyo louvri nan tèt mwe
M pa tande
Lèspri ap flannen byen lwen
Mwen leve
Mande pouki mwen leve
M ap chèche
Mande ki sa m ap chèche

Woy! Kote gita we, tanpri souple?

(Kè) Sa w genyen wo?

Melodi monte flanbe tèt mwe

(Kè) Sa w genyen wo?

Santiman gonfle, gonfle kè mwe

(Kè) Sa w genyen wo?

Kote gita we?
M anvi chante lanmou mwe

(Kè) M ape chante
M ape tresayi
M ape chante
Santiman fon kè mwe
Jis nan fon zantray
Lanmou mwen transpire
Men pote m sou kè, souple

Pote mwe sou kè
Pote mwe, souple

(Kè) M ape chante
M ape tresayi
M ape chante
Santiman fon kè mwe
Jis nan fon zantray
Lanmou mwen transpire
Men pote m sou kè, souple

II)

M ap mache
Mwen santi m dezoryante
Mwen chita
Lèspri leve panpannen
Mwen kanpe
Mande pouki mwen kanpe
M ap chèche
Mande ki sa m ap chèche

Woy! Kote gita we, tanpri souple?

(Kè) Sa w genyen wo?
………..


Poto Mitan We

Tanbou wen plenyen
Tanbou wen gwonde
Tanbou wen move
Tanbou demafwa
Tanbou wo!
Tanbou sèvitè
Tanbou wo!
Tanbou rejete
Tanbou denigre
Tanbou delala
Tanbou malere

Potomitan we, poto
Potomitan we, poto
Potomitan we
Poto wen baryèa
Potomitan we, poto

Sèvitè solitè nan male
Nan kalomni
Yo jete tanbou wen vre


Pran We, Ban m Lavi

Pran we ban m lavi
Pran wen cheri
Pran we ban m lavi
Souple, san wen pa sikile
Dimaten o swa
Se w m ap sonje
Pran we banwen lavi
San wen pa sikile

Bèse m ma dòmi
Dòmi reve
Lalin klere nan je w
Gade mwen pran filin
Souri ban m bon jan
Pou bèl ti moman
Pran we ban wen lavi
San wen pa sikile

Wo!
Kè wen an bolero
Wo!
Lanmou wen se w menm
Wo!
Pran we ban m lavi, cheri


Pwomès Se Dèt

Annamari
Banm yon ti manjay, souple
Annamari
Banm yon ti goute, tanpri

Souri gaden we
Kole tou pren we
Ban wen bon jan
Machè li lè
Ban m yon ti manjay, souple

Gade m byen
File lang ban wen
Gade m byen, Anna
Meten we sou sa
Vinn wou we, Anna
Vinn dodomeya
Pwomès se dèt
Pa ban m mannigèt


Ranmasen We

Mwen tonbe
Cheri, ranmasen we
Tank on leman
W ap plede ralen wen
Tankou dife
K ape kangannen wen
Anvi chofe san we
Wola woula woula woulala
Ay! Cheri w chame wen vre

Mwen tonbe
Cheri, ranmasen we
Tankou lakòl
Gade mwen kole
Tankou lanmidon
Sou rechanj kò mwe
Lanmou gale sou we
Wola woula woula woulala
Ay! Cheri w satilfè wen vre

Maten midi o swa
Anmwey! Mwen ozabwa
Men fanm sa
Se de je tèt mwe
Syèl o delivre mwa

Wo !

Mwen tonbe
Cheri, ranmasen we
Tank on siklònn
K ap sakajen we
Tankou lapli
K ape inonden we
Plezi lanmou djaye
Wola woula woula woulala
Hay! Cheri
Gen pitye pou we

Mwen tonbe
Cheri, ranmasen we
Tankou lakòl
Gade mwen kole
Tankou lanmidon
Sou rechanj kò we
Lanmou gale sou we
Wola woula woula woulala
Ay! Cheri w satilfè wen vre

Maten midi o swa
Mwen ozabwa
Men fanm sa
Se de je tèt mwe
Syèl o delivre mwa

Wo !


Rara Mwe

Rara mwe, rara mwe
Rara mwe,
Mizik mwen se rara mwe
(4 fwa)

Rara mwe, rara mwe
Rara mwe,
Mizik mwen se rara mwe
(3 fwa)

Do re mi sò, do re mi sò
Mizik mwen se rara mwe
Do re mi sò, do re mi sò
Mizik mwen se rara mwe
Mwen danse mizè
Mwen danse malè
Mwen danse bonè, anye wo !
Gade rasin mwen makonnen
Nan mizik rara mwe
Do re mi sò, do re mi sò
Rara mwen danse
Rara Leogann o

(Kè) Rara mwe, rara mwe
Rara mwe,
Mizik mwen se rara mwe

Wo, se rara mwe

(Kè) Rara mwe, rara mwe
Rara mwe,
Mizik mwen se rara mwe

Ayi ayi ayi !

Wo sanba wo, wo sanba wo
Kantik mwen se rara mwe
Wo sanba wo, sanba wo
Kantik mwen se rara mwe
Mwen danse mizè
Mwen danse malè
Mwen danse bonè, anye wo !
Gade rasin mwen makonnen
Nan mizik rara mwe
Wo sanba wo, sanba wo
Rara mwen danse
Rara se mizik mwe

(Kè) Se rara mwe

Rara mwe

(Kè) Mizik mwen se rara mwe

Rara mwe wo

(Kè) Mizik mwen se rara mwe

Woy woy woy !
Tande on rara m ape danse
Mezanmi, nan Leogann o
Rara gaye

(Kè) Se rara mwe

Rara mwe

(Kè) Mizik mwen se rara mwe

Rara mwe wo

(Kè) Mizik mwen se rara mwe

Woy woy woy !
Tande on mizik m ape danse
Mezanmi, nan tout Laplenn o
Rara gaye
(Kè) Adjipopo, gade m ap pase
Yo bare chimen mwen
Fòk mwen ale
Syèl ak tè kontre, anmwe
M pa wè devan
M pa wè dèyè

Tonnè wo, ya tchoule m pase

(Kè) Se rara mwe

Ayi ayi !

(Kè) Mizik mwen se rara mwe

Ayi ayi ayi !

(Kè) Mizik mwen se rara mwe

Mezanmi wo, tande yon rara
Tande yon rara,
Tande rara mwe, anye

(Kè) Se rara mwe
Mizik mwen se rara mwe
Mizik mwen se rara mwe
(2 fwa)

Adjipopo, gade m ap pase
Yo bare chimen mwen
Fòk mwen ale
Syèl ak tè kontre, anye
M pa wè devan
M pa wè dèyè
Tonnè wo, y a tchoule m pase !



Rekonfò Djazi

Frenezi lavi plenyen
Nan je Adelisya
Chak jou Bondje mete
Tan fè tan move tan tonnè
Istwa lavi malere mezanmi
Se krèvkè, krèvkè o,
Krèvkè o, krèvkè
Dèstine tchwipe
Adelisya leve move pye
Depi nan vant manman li, adje
Adelisya, sò mwe
Soufrans yonn soufrans lòt
Vin sou zepòl mwe, soulaje


Rèv ak Souwè

Vag lanmè chatouye
Zòtèy mwen nan sab la
Benyen fon memwa we
Lakansyèl koube do li
Chèche nan tout kwen
Kote w ye
M ap mande si pou w
Se te jis yon moman
Yon moman ki pase
Si w tou w ape reve
Nou kontre
Si w tou w ape swete
Nou kontre

Konbyen fwa m ap mache
Mwen kwè se w mwen wè
W trouble lèspri we
Konbyen fwa mwen santi
Dousè pafen bouch w
Sou bouch mwe
M ap mande si menm yon fwa
Non mwen fè w souri
Lè l chape sou lang w
Si w tou w ape reve
Nou kontre
Si w tou w ape swete
Nou kontre

Kwakdlo raze lanmè
Blayi zèl gran louvri
Li fouye tout zile
Lorizon refize
Pouse limit pi lwen
Kote w ye
Pèsonn pa sa di wen
Si w santi w manke
W manke yon mwatye

Si se vre w ape reve
Nou kontre
Si se vre w ape swete
Nou kontre

Kèlkeswa kote w ye la
Konnen kè mwen nan men w
Pa kase li souple
Retounen kote m, cheri
Kèlkeswa kote w ye la
Konnen kè mwen nan men w
Pa kase li souple
Retounen kote m, cheri

Retounen kote mwe, cheri
Retounen kote mwe, doudou
Retounen kote mwe, amou
Retounen kote mwe, cheri


Sa m Fè Yo

(Kè) Ave Maria, sa fè m yo
Ave Mariya, sa fè m yo
Ave Mariya, sa fè m yo
Ave Mariya, sa fè m yo

Sa m fè yo
(Kè) Mande yo
Mwen pa konnen

Sa m fè yo

(Kè) Mande yo
Mwen pa konnen

Sa m fè yo

(Kè) Mande yo
Mwen pa konnen

Sa m fè yo

(Kè) Mande yo
Mwen pa konnen

Travay, travay,
Travay janmen touche

(Kè) Ave Mariya
Wo ! Ave Mariya !

Hm ! Travay, travay
Travay janmen poze

(Kè) Ave Mariya
Wo ! Ave Mariya !

Hay ! Doulè sa
Doulè sa mètri kè mwe

Hm ! Soufrans sa
Soufrans sa nan zantray mwe

(Kè) Ave Mariya
Wo ! Ave Mariya !

Hey ! Men leve tèt gade
Gade jan syèl la move
Tande, tande woulo gwonde
Lavalas sa pare
Deblozay kòmanse

(Kè) Mal yo vle wè pou we
M a wè sa yo rekòlte
Mal yo vle wè pou we
Ma wè sa

Mwa granmoun o

(Kè) Mal yo vle wè pou we
M a wè sa yo rekòlte

Vye nèg pa vye chyen
Y a sonje

(Kè) Mal yo vle wè pou we
M a wè sa yo rekòlte

Mwa granmoun o
Hm ! Ya sonje

(Kè) Mal yo vle wè pou we
M a wè sa yo rekòlte


Sa m Tande La

Sa m Tande La
Sa m tande la ?
Sa m tande la, moun yo ?
Sa m tande la ?
Di wen sa m tande la ?

Kè :
Wosiyòl yo pran chante
Pipirit yo pran pyafe
Toutrèl yo ap woukoule
Sa m tande la
Se nou k ap fete


Sa Nou Bliye Nou Pap Fè

Amou, amou
Pa kite wen sou swaf mwe
Dòmi, dòmi
Dòmi m pa sa dòmi vre
Tante, tante
Gade ki jan w tante we
Chak fwa, chak fwa
Chak fwa tankou premye fwa

Ti bo, ti bo
Ti bo boule po bouch we
Pran we, pran we
Pran we pou m pa mouri vre
Pwoche, pwoche
Pwoche vinn konfòte we
Awi, awi
Awi m pa sa kenbe vre

Glise, glise, glise
Vini chofen we
Frison, frison
Frison lanmou frapen we
Tante, tante
Gade ki jan w tante we
Chak fwa, chak fwa
Chak fwa tankou premye fwa

Ti bo, ti bo
Ti bo boule po bouch we
Pran we, pran we
Pran we pou m pa mouri vre
Pwoche, pwoche
Pwoche vinn konfòte we
Awi, awi
Awi m pa sa kenbe vre

Jevouzemande
Ti beze damou
Bijoudemonkè
Soulaje monnanvi

Cheri, cheri
Sa w blye w pap fè we
Amou, amou
Sa mwen blye m pa fè w
Amou, amou
Sa mwen blye m pa fè w



Sanmdi Swa

Saloue, saloue sanmdi swa
Anye, saloue
Saloue, saloue sanmdi swa
Anye, saloue

Libere lèspri we
Gade mwen leje tankou fèy o
Tankou zwezo nan syèl
Saloue sanmdi swa
Simaye plezi san rete,
San rete, san rete

M ape banboche
M ape debaba
Mizik la chofe nan san mwe
Woy! Manifèste. M ap manifèste
Saloue, sanmdi swa
Saloue, sanmdi swa
Simaye plezi san rete
Woy ! M ape rele

Saloue, saloue sanmdi swa
Anye, saloue
Saloue, saloue sanmdi swa
Anye, saloue

Saloue sanmdi swa
Simaye plezi san rete
Saloue sanmdi swa


Se Mwa, Sife

Etranje mwen ye
Nan pwòp peyi we
Etranje mwen ye
Tout kote m pase
Se yon madichon
Yon twou won san fon
Peyizan mwen ye

Tèt bese, yo vle
Yo vle mwen mache
Ajenou, yo vle
Yo vle mwen ranpe
Libète bafwe
Chenn mare pyen we
Peyizan mwen ye
Hehehehe!
Hehehehe! Adje!

Sistèm demwatye
Fè wen bourike
Tèt a pa pou we
Mwen pa eritye
Nèg tounen kolon
Sou labitasyon
Peyizan mwen ye

Mwen pa mize lavil
Yo di wen gwaril
Absalon se non
Siyati Bouki
Nèg pa vle wè
Nèg ap trayi we
Peyizan mwe
Hehehehe! Adje

Kònn lanbi sonnen

Se mwa About o
Tanbou a frape
Se mwa About o
Zanj Ginen sele
Se mwa About o
Poto a kanpe
Se mwa Abouto

Sife, Sife, Adje !
Sife


Se Pa Sa Nou Te Pale

Se Pa Sa Nou Te Pale
Mwen pa sa manje
Mwen pa sa dòmi
Se w m ap sonje
Mwen pa sa kriye
Mwen pa sa souri
Se w m ap sonje
Solèy la pwente
Lalin a l kache
Se w m ap sonje
Tan e tan fè tan
Sa fè twò lontan
Se w m a sonje
Separasyon sa se lanfè
Gade w jan trayi we
Se pa sa nou te pale

(Kè)
Se pa sa nou te pale
Se pa sa
Pa sa nou te pale

Mwen manke w nan vi we
Soufrans wen pa gen non
Lanmou debatizen we
Domus Mariae
Mwen pedi kle kay la
Ah!

Pliske de jimo ki deparye
Se w m ap sonje
Malgre gen limyè
Mwen pa sa wè klè
Se w m a sonje
M ap plede mache
Fè laviwonndede
Se w m ap sonje
Lonbraj w kanpe
Tout kote m pase
Se w m ap sonje
Lavi wen tounen yon kalvè
Tchè wen senyen krisifye
Se pa sa nou te pale
Se pa sa

(Kè)
Se pa sa nou te pale
Se pa sa
Pa sa nou te pale

Gade lapenn we
Mizè we
Doulè we
Lonbray w kanpe
Tout kote mwen pase
Mwen fou dou
Ay! Mwen fou dou
Mwen fou dou


Sekou

Innden we, innden we, innden we
Lavalas ape pote m ale
Sen Denden w ale monte kiten we
Ki kote kouran sa ap mennen wen

Kabwouyay, kabwouyay, kabwouyay
Lavisa demiwo demiba
Ti kòk sa badji move gangan
Vannite vèditè san nannan

Sekou o, Sekou, Feray o
Sekou o, Sekou, Ginen yo
Sekou o, Sekou, Feray o
Sekou o, Sekou

Je wont je, je wont je, je wont je
Se pa sa, se pa sa k te pale
Nan lapli gade mwen soti
Move tan pi move pi devan

Innden we, innden we, innden we
Lavalas la ape pote m ale
Sen Denden w ale monte kiten we
Ki kote kouran sa ap mennen wen

Sekou o, Sekou, Feray o
Sekou o, Sekou, Ginen yo
Sekou o, Sekou, Feray o
Sekou o, Sekou

Vèse san, vèse san, vèse san
Peye san, peye san, peye san
Ti fwonte w frape latè twò fò
L a tranble w a bite
Ti fwonte w pile, pile latèt twò fò
Anba pye w l a louvri

Sekou o, Sekou, Feray o
Sekou o, Sekou, Ginen yo
Sekou o, Sekou, Feray o
Sekou o, Sekou


Selen We

Selen wen, sele, selen wen
Metrès fanm we
Selen we, sele, selen we
Metrès fanm we
Depi lontan se w sèlman
Mwen wè devan we
Lanmou veglen we
Lanmou veglen we

Mouten wen, moute
Mouten wen, Metrès fanm we
Mouten wen, moute
Mouten wen, Metrès fanm we
Tankou Simbi w ap danse
Danse nan tèt mwe
Lanmou donten we
Lanmou donten we

Elou ! Elou ! Elou ! Eloue !
Elou ! Elou ! Elou ! Eloue !
Ti cheri, renmen we, renmen we
Ti cheri, vòtramou jevouzemande
Ti cheri, renmen we, renmen we
Ti cheri, renmen


Separasyon

Sa fè mwen lapenn
Ban m yon te vèvenn
Mezanmi, fè m pati
Jan ansanm nou te byen
Di mwen n a wè demen

Menm si m a pwale
Lèspri m ap rete
Tanpri f on ti souri
Kè m a pi byen make
Sak pa janm efase

Lè jou fèmen fòk li louvri
Pa vle mouri si m ap pati
M a retounen tank on solèy
Yon bon maten sonnen revèy
Pati pa mouri
Lè jou fèmen fòk li louvri
Pa vle mouri si m ap pati
M a retounen tank on solèy
Yon bon maten sonnen revèy
Pati pa mouri


Si w Ta Di Wen Non

Si w ta di wen non
Si w ta di wen non
M a tankou evade
Nan savann dezole
Si w ta di wen non
Cheri, si w ta di wen non
M a konnen mwen pedi
Yon moso paradi
O monnanmou, bèl ti Kreyòl,
Pa di wen non
Pa di wen non, o souple

Si w ta di wen non
Wi, si w ta di wen non
Tchè wen va defalke
Toujou pwèt pou rete
Si w ta di wen non
Wi, si w ta di wen non
Doulè wen va yon kansè
Mal damou wen krispè
O monnamou, bèl ti Kreyòl
Pa di wen non
Pa di wen non, o souple
O lololay, wolololololololay


Simbi, Sove Mwa

Kote Simbi?
M ape nwaye la
Vini sove mwa
Simbi nan dlo
Si mwen pa rele
Gen lè m a toufe
Simbi nan dlo
Sou tè sèk mwen ye
Men m ap nwaye
Simbi nan dlo
Madicho mizè
Sou kò wen fè plè, ha!

Nan debwouye
M ap plede jongle
San mwen pa gen jon
Antre nan won
Gade mwen sanble
Yon ti annipye
K ape fofile
Anba pye lawon
K ap gwonde k on lyon
Simbi nan dlo
Depatcha lavi
Kraze zo piti

Sife, adje, Bondje
Makawon predi
Jan lavi wen fouti
Sife, adje, Bondje
Men pouki Simbi
Ankatimi? Ha


Simidò

Simidò, chante
Gran lakou leve danse

(Kè) Simidò woy woy !
Simidò woy woy !

Simidò, pote bèl mesaj
Moun yo rekonfòte

(Kè) Simidò woy woy !
Simidò woy woy !

Wosiyòl reponn nan fon bwa
Koudjay gaye

(Kè) Simidò woy woy !
Simidò woy woy !

Jepete avèk kokobe
Gaya pou lokazyon

(Kè) Simidò woy woy !
Simidò woy woy !

Dèyè lakolin nouvèl la rive
Anba laplenn o tout moun motive
Simidò, chante
Vwazinaj tande

(Kè) Olala ! Olala !
Simidò wo chante
Olala ! Olala !

Wo ! Simidò chante

(Kè) Olala ! Olala !
Simidò wo chante
Olala ! Olala !

Hm, Simi chante pou yo

(Kè) Olala ! Olala !
Simidò wo chante
Olala ! Olala !

Simidò chante verite
Mechan move

(Kè) Simidò woy woy !
Simidò woy woy !

Simidò, chante jistis o
Moun yo manifèste

(Kè) Simidò woy woy !
Simidò woy woy !

Kòn lanbi sonnen nan fon bwa
Boukman monte

(Kè) Simidò woy woy !
Simidò woy woy !

Jepete avèk kokobe
Gaya pou lokazyon

(Kè) Simidò woy woy !
Simidò woy woy !

Dèyè lakolin nouvèl la rive
Anba laplenn o tout moun motive
Simidò, chante
N ape selebre

Simidò, pran chante
N ape selebre
Simidò wo, chante

Chante wo, chante pou wo

Hay ! Simi, chante

Hm , Simi, simi chante

Simi, mwen sonje w
Simidò, mwen sonje

(Kè) Simidò, pran chante
N ape selebre


Sinas La Pare

Bledigo, syèl la bledigo
Solèy la kale
Tanperati chofe
Bledigo, syèl la bledigo
Sinas la pare
Bontan, move tan kontre

Syè wen ak san wen mele
Pa gen dlo
Pou wouze jaden we
Mwen travay bourike
Kalmanson ak sansi
Sou do wen
Yo di latè beni
Deklare mwen se nèg modi
Sendèsen
Twa fwa sen
Mizè we pa pou granmesi vre
Adje! Adje!


Siwèl

I)
Rele mwen Siwèl o
Waminwi bouke mande mwen lè
Galipòt refize charye we, Adje moun yo!
Chyen jape we nan tout lari
Kalfou m ape chante
Pòt vwazinay deja fèmen
Zòrèy pa fè lizay
Serenad mwen ale chame
Simbi nan fon dlo
Serenad mwen woule woule
Sou zèl van vante
Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe
M ape chante, enspire m Sent Sesil

(Kè) Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe

M ape chante, enspire m Sent Sesil

(Kè) Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe

M ape chante, enspire m Sent Sesil

(Kè) Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe

II)
Rele mwen Siwèl o
Lonbray mwe fatige pouswiv mwe
Move zè refize frape we, Adje moun yo!
Bwa gita mwe se tout lavi m
Debwouye pa peche
San rezon yo denigre we
Zòrèy pa fè lizay
Serenad mwe ale bèse
Simbi nan fon dlo
Serenad mwe tange tange
Sou zèl van vante
Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe
M ape chante, enspire m Sent Sesil

(Kè) Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe

M ape chante, enspire m Sent Sesil

(Kè) Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe

M ape chante, enspire m Sent Sesil

(kRele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe

III)
Serenad mwen ale chame
Simbi nan fon dlo
Serenad mwen woule woule
Sou zèl van vante
Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe
M ape chante, enspire m Sent Sesil

(Kè) Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe

M ape chante, enspire m Sent Sesil

(Kè) Rele mwe,
Rele m Siwèl o, rele mwe……

Rele mwe, Rele mwe Siwèl o, Rele mwe

Rele mwe, Siwèl o, Rele mwe Siwèl o
Rele mwe Siwèl o, Siwèl o

M repante tout rankwen, mezanmi
Mwen chante tout lannuit, mezanmi
Lonbray mwen fatige pouswiv mwe
Rele mwen Siwèl o
Pòt vwazinay deja fèmen
Zòrèy pa fè lizay
San rezon yo denigre mwe
Rele mwe, rele mwe, rele mwe
Rele mwe Siwèl o


Siwo Kann Cho

Nan mitan mwa dawou
Dezire koup on ti fèy bwa
Nan chan Konpè Manno
Nan mitan mwa dawou
Dezire koup on ti fèy bwa
Nan chan Konpè Manno

Nonm lan move
Nonm lan move
Sa l fè Dezire pase
Vwazinaj sèlman k tande
Nonm lan move
Nonm lan move
Sa l fè Dezire pase
Vwazinaj sèlman k tande

Nan mitan mwa dawou
Dezire koup on ti fèy bwa
Nan chan Konpè Manno,
Ay ! Tande sa
Nan mitan mwa dawou
Dezire koup on ti fèy bwa
Nan chan Konpè Manno

Nonm lan move
Nonm lan move
Sa l fè Dezire pase
Vwazinaj sèlman k tande
Nan chan Konpè Manno
Nonm lan move
Nonm lan move
Sa l fè Dezire pase
Vwazinaj sèlman k tande, wi !

Fwètkash Konpè Manno
Tranpe nan siwo kann cho

Ala w dodomeya
Ala w dodomeya Dezi

Fwètkash Konpè Manno
Tranpe nan siwo kann cho

Ala w dodomeya
Ala w dodomeya Dezi

Fwètkash Konpè Manno
Tranpe nan siwo kann cho

Asasen gwo kouto
Li tranpe l nan siwo kann cho

Fwètkash Konpè Manno
Tranpe nan siwo kann cho

Ala w dodomeya
Ala w dodomeya Dezi


Sòvanyan

(Kè) Sòvanyan rele
Va pou selera
Pwomès yo pa sensè
Desèpsyon li twouve

Non, non,
Sòvanyan pa merite sa

(Kè) Sòvanyan rele
Va pou selera
Li papa, li manman
L ap pote fado sa

Rele wo, rele wo
Sòvanyan rele

(Kè) Sòvanyan rele
Va pou selera
Pwomès yo pa sensè
Desèpsyon li twouve

Non, non,
Sòvanyan pa merite sa

(Kè) Sòvanyan rele
Va pou selera

Va pou selera

(Kè) Li papa, li manman
L ap pote fado sa

Rele wo, rele wo
Sòvanyan rele

Tan mèt pase, bèl manman
N ape konte
Yon jou n a rive
Janmen nou pap bliye
Dezawa dezafi wo
Toujou lite, bèl manman
Toujou lite
Tèt w va poze
Bon pitit se richès
Yon jou w a soulaje wo
Men va pou selera

Sòvanyan
(Kè) Sòvanyan rele
Va pou selera
Pwomès yo pa sensè
Desèpsyon li twouve

Non, non,
Sòvanyan pa merite sa

(Kè) Sòvanyan rele
Va pou selera
Li papa, li manman
L ap pote fado sa

Rele wo, rele wo
Sòvanyan rele

Sòvanyan
(Kè) Sòvanyan rele
Va pou selera
Pwomès yo pa sensè
Desèpsyon li twouve

Non, non,
Sòvanyan pa merite sa

(Kè) Sòvanyan rele
Va pou selera
Li papa, li manman
L ap pote fado sa

Heyt! Sòvanyan, manman we
W se papan we
Sòvanyan, manman we
Lanmou we double
Sòvanyan, manman we
M ap mouri pou w
Sòvanyan manman we
Va pou selera

(Kè) Sovanyan rele

(Kè) Li papa, li manman
L ap pote fado sa


Tchoule M Pase

Minwi sonnen bare gason
Nan kalfou Lakwa
Pye mapou a grennen dife
Tankou zanlimèt etwal
Tanbou frape, lonbraj danse
Nan kalfou Lakwa
Van gwonde tankou Nòde
Tchwè ! Frize rele

Simagre, simagre
Sèvitè k rejete
Tchoule m pase,
Tchoule m pase
Granmoun pa jwe
Tchoule m pase
Ensanse, ensanse
Kalfou a pou nou de
Tchoule m pase,
Tchoule m
Granmoun pa jwe

Woy !


Tonfwi Defandi

Pamela, tande
Pa kite wen sèmante
Pa kite m sèmante
Si m ale, w a kriye
Pamela, majwa
Pamela, pèmète mwa
Goute tonfwi defandi
Menaje wen pou li

Pamela, poukwa
W pa vle m manyen w la?
Pa kite wen sèmante
Si m ale w a kriye

Woy! Pamela
Kite wen manyen w la, Pamela
Han! Han! Han!
Woy! Pamela
Kite wen manyen w la, Pamela
Ha! Ha! Ha!
Hay! Pamela ho! Pamela
Kite wen manyen w la
Ho! Pamela!
Pamela, monnamou
Monnamou, Pamela wo!


Trajedidemonkè

Bere kè wen souple, bere li
Frajil tankou ze
Li deja fele
Bere kè wen souple, bere li
Pa fè wen soufri
Gras o soulaje,

Lanmou mwen solid o
Lanmou mwen solid k on dyaman
Lanmou mwen solid o
Mwen kè wen frajil
Frajil tankou ze

Bere kè wen souple, bere li
Frajil pase sa
Pa genyen k on sa
Bere kè wen souple, bere li
Kè wen delika
Li vo pliske ja
Ha! Ha!
Trajedidemonkè

Bere kè wen souple, bere li
Frajil k on kristal
Li deja fatal
Bere kè wen souple, bere li
Pwomès depaman
Grafiyen tchè wen

Lanmou solid o
Lanmou solid k on dyaman
Lanmou mwen solid o
Mwen kè mwen frajil
Frajil tankou ze

Bere kè wen souple, bere li
Frajil pase sa
Pa genyen k on sa

Bere kè wen souple, bere li
Kè wen delika
Li vo pliske ja

Ha! Ha!
Trajedidemonkè
Houm!
Trajedidemonkè

Mwen vle renmen
Ak tout kè wen
Lanmou plede krisifye we
Espwa pote kòchma pou we
Doule kranmse
Fon zantray we
Tanpri souple, bere kè we

Ha! Ha!
Trajedidemonkè
Houm!
Trajedidemonkè


Trajikomedi

Ti zwezo vole
Pipirit ki pa chante, wo!
Baboukèt la la, ha!
Zandolit kouple
Anganman ki pi peple, wo !
Ki sa k ka di sa? Ha !

Y ape fè e defè
Lave men siye a tè
Koute limyè vye frè
Woy ! Kirye Jezimarijozèf
Woy ! Mizerere
Krapo gonfle k on bèf
Trajedi, wo ! Komedi wo!

Jeete jeswi
Yo sèmante jesere
Wo ! patripòch yo sa, ha !
Alwonndede!
Transparans se mannigans
Se pa de koutba, ha !

Y ape fè e defè
Lave men siye a tè
Koute limyè vye frè
Woy ! Kirye Jezimarijozèf
Woy! Mizerere !
Krapo gonfle k on bèf
Trajedi, wo! Komedi, wo!

Adje, moun yo,
Al on trajikomedi
Kote, kote
Kote sa ap mennen n ale
Adje, moun yo,
Al on trajikomedi
Kote, kote
Kote sa ap mennen n ale

Adje, moun yo,
Al on trajikomedi
Kote, kote
Kote sa ap mennen n ale

Ti zwezo vole
Pipirit ki pa chante


Verite Sou Tanbou

Madigra w mal maske
Madigra w mal maske
Pa konprann w ka fè m pè
Madigra w mal maske

M ap founi je m gade w byen
M ap founi je m gade w byen
Madigra w mal maske
Ha ! Ha ! Ha ! Ha !

Koze djaz sa
Anpeche wen chita sou ti chèz ba
Kopyadò yo nan fè pedan
Tèni mizik Ginen
Zorèy sèlman pa fè lizay o
Verite sa, verite sou tanbou
Rèspèkte

Do re mi fa sòl la si
Nan Ginen pa sa sifi
Yon diplis ajoute
Ajoute pou wen souple

Koze djaz sa
Anpeche wen dòmi kè pòpòz
Imitatò yo nan fè pedan
Tèni mizik Ginen
Zorèy sèlman pa fè lizay o
Verite sa, verite sou tanbou
Rèspèkte, rèspèkte
Rèspèkte mizik Ginen

M ap founi je m gade w byen
M ap founi je m gade w byen
Pa konprann w ka fè m pè
Madigra w mal maske

Fè rèspè nou, Mesyezedam !



Vini Jwenn Mwe (2 versions)

Hey! Ala kontan
M ta kontan, m ta kontan
Si w vinn jwenn mwen cheri
Valkanse m ta valkanse
Hey ! Ala danmou
M ta danmou, m ta danmou
Lè w ap mouri nan bran we
Mouri relen we papi

Hey! Pa genyen mo ki byen tabli
Pou mwen di w jan mwen santi we
Sèl bagay m ape di w
Vini jwenn mwe
M ape tann w
Vini jwenn mwe
Pote zepis o nan vi we
Vini jwenn mwe
M ape tann w
Vini jwenn mwe, tanpri souple

Tchè mwen grennen lapenn o
Depi w pa la
W pa la koten we
M deseche deperi
Tralalin, tralala
Valse m a valse
Vi wen va chanje

Hey! Vini jwenn mwen cheri amou
Hey! Vini jwenn mwen m ape tann w
Hey! Vini jwenn mwe cheri amou
Hey! Vini jwenn mwe, cheri !


Vodou Inosan

Badji, badjikan
Vodou mwen pa bwè san
Badji, badjikan
Vodou mwen inosan
Rara mazanza
Vodou wen pa grennen dife
Rara mazanza
Vodou wen par rache
Menm yon grenn chive

Tanbou debò pa danse Ginen
Tanbou debò pa danse Daki
Tanbou debò pa danse Ginen
Tanbou debò pa danse Daki

Pale m mal o,
Pale, yo pale m mal o
Fè mwen mal o
Mal yo vle fè mwen, Ogou Balendjo
Pale m mal o
Fado sa twòp pou mwe
Fè mwen mal o
Vodou wen pa bwè san
Vodou m Inosan

He! Hehehehe Adje!
He! Hehehehe Adje!
He! Hehehehe Adje!
He! Hehehehe Adje!


Vwayaj

W ap pati dlo nan je
Gade w a pwale
Lwen nich lanmou mwe
W ap di w pè kiten we
Men lanmou mwen nan kè w
Fòk w pa santi w sèl cheri
Lanmou mwen se lonbray w
Nou pap janmen separe, cheri

Men w glase nan men mwe
Gade w ap tranble
W kole sou we
W ap di w pè kiten we
Men lanmou mwen nan kè w
L a kouve chalè pou w cheri
Lanmou mwen se lonbray w
Nou pap janmen separe

Souri we, di wen w ale
Beze wen, kachte kè we
Penchen we, tizonnen we
Fè m konnen geny on kichòy
W ap sere pou wen, cheri

W ap pati dlo nan je
Men lanmou mwen nan kè w
Fòk w pa santi w sèl, cheri
Lanmou mwen se lonbray w
Nou pap janmen separe, cheri

Lanmou mwen nan fon kè w
L a kouve chalè pou w, cheri
Lanmou mwen se lonbray w
Nou pap janmen separe, cheri


Ya Sispann Begle

Towo Dichenn o gwonde
Gason fwonte yo begle
Towo Dichenn o gwonde
Gason fwonte yo begle
Begle ya sispann begle
Zanfan Ginen yo pwoteje
Begle ya sisapnn begle
Kont maltaye yo pap pase
Begle ya sispann begle
Zanfan Ginen yo pwoteje
Begle ya sispann begle
Towo Dichenn o, Towo vre

Anye, sèvitè yo kanzo
Kwa san krisifye
Anye, Towo Dichenn o
Towo vre, sife

Towo wen,
Towo wen gwonde
Towo Dichenn o
Gwonde la
Towo wen ,Towo
Towo Dichenn o
Se w ki Towo vre

Se w ki Towo vre
Se w ki Towo vre
Se w ki Towo vre
Se w ki Towo vre, Dichenn o
Se w ki Towo vre
Se w ki Towo vre


Zagribay Pa Fèsten

Zagribay, zagribay pa fèsten
Travay di bourike
Mizè mwen rekòlte
Sezon lapli brote
Zezon solèy boule
Inosan ozabwa wo
Bonzafan ozabwa wo
Adje, Lèsen wo, adje!
Inosan ozabwa
Bonzanfan, ozabwa wo
Adje, Lèsen wo, adje
Adje, Lèsen wo, adje


Zanj o

Gad on ti zanj o
Bondje kreye avèk de men
Li voye pou mwe
Gad on ti zanj o
Bondje kreye avèk de men
Li lage nan bra we
Lè m ape priye ti zanj sa
Chaplèt o mwen resite
Lè m ape priye ti zanj sa
Chaplèt o mwen resite

Letènèl demèzamou


Zanmourèt

W g on ti jan w gaden we
Li ban m move lide
Pwoche mòden we
Plede penchen we
Gade jan w ap ri
Di m konnen pouki
Mwen merite ti kout dan
Mwen fè w malfezan

Relen wen aloufa
Di m twòp renmen sa
Se w k gaten we
Mache nan san we
Fam ozye mouran
Bèl pase dyaman
Bis pou rebise
Bon pou bon goute

Woy !
Woy ! Woy ! Woy ! Woy !
Zannanna pa pengwen
W a di m sa k pi pike

Zanmourèt an nou la
Zannanna pa pengwen
Zanmourèt an nou la
Zannanna pa pengwen vre
Zanmourèt an nou la
Zannanna pa pengwen
Zanmourèt an nou la
Zannanna pa pengwen


Zeina

Zeina, ba moun repo
Solèy poko kouche
W ap grennen dife
Nan karetèl yo
Wo! Wo!
So do kay simen disèl
Chase Zeina

Kwa vwasi madoulè
Maten wouze devan pòt
Ze fele pa kouve
Manman poul sa
Pa genyen nich

Tripotay gaye
Vwazinay babye
Woy ! Woy ! Woy! Woy!
Zeina manyè ba moun repo
Zeina pwen sa gen lè two cho
Zeina, kèl dezagreman

Zeina manyè ba moun repo
Zeina pwen sa gen lè two cho
Zeina, kèl dezagreman

Zeina, ba moun repo


Zili Pran Ka Nou, Souple

Ezili Dantò, wo
Zili, Zili, wo, fanm we
Ezili Dantò, wo
Zili, Zili, wo, fanm we
Lapenn sèvitè, wo
Demanbre tanbou
Inosan malad o
Doulè se pou we

Ezili Dantò, wo
Zili, wo, souple
Ezili Dantò, wo
Zili, wo, souple
Lapenn sèvitè, wo
Tenyen je sole
Inosan kouche wo
Ki lè l a leve

Zili, wo, bèl fanm mwe
Pran ka nou, souple
Zili, bèl fanm mwen, wo
Pran ka nou, souple

Comments are closed.